Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to those who go down to Egypt for help, who rely on horses, who trust in chariots because they are many and in horsemen because they are very strong—but they do not look to the Holy One of Israel, our Father, nor seek him. Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!
2 Yet he too is wise and brings disaster; he does not take back his words. He will rise against the house of the evildoers and against the help of those who do wrong. Men anplis, Li saj; Li va mennen dezas; Li p ap retire pawòl Li menm; men Li va leve kont kay malfektè yo, ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.
3 The Egyptians are men and not God; their horses are flesh and not spirit. When our Father stretches out his hand, the helper will stumble and the one helped will fall, and together they will all come to an end. Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.
4 For this is what our Father said to me: As a lion or a young lion growls over its prey—and though a band of shepherds is called out against it, it is not terrified by their shouting or intimidated by their noise—so the Father of heaven's armies will come down to fight on Mount Zion and on its height. Paske konsa SENYÈ a di mwen: “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, lè yon bann bèje vin parèt la; li p ap pè vwa yo, ni li p ap deranje akoz bri yo fè. Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann pou fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
5 Like birds hovering overhead, so the Father of heaven's armies will shield Jerusalem; he will shield and deliver it, he will pass over it and rescue it. Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.
6 Return to him from whom the people of Israel have so deeply turned away. Retounen kote Sila ke nou te tèlman neglije a, O fis Israël yo.
7 For in that day everyone will reject his idols of silver and his idols of gold, which your own hands have sinfully made for you. Paske nan jou sa a, tout moun va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, ke men plen peche nou yo te fè pou nou.
8 Then Assyria will fall by a sword that is not man's, and a sword not of mankind will devour him. He will flee before the sword, and his young men will be put to forced labor. Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm, e nepe a ki pa pou lòm va devore l. Pou sa, li p ap chape anba nepe a, e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.
9 His stronghold will crumble in terror, and his princes will flee in panic from the battle standard, declares our Father, whose fire is in Zion and whose furnace is in Jerusalem. “Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]