Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Woe to the rebellious children," declares our Father, "who carry out a plan, but not mine, and who forge an alliance, but not of my Spirit, heaping sin upon sin; “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche;
2 who set out to go down to Egypt, without asking for my counsel, to take refuge in the protection of Pharaoh and to seek shelter in the shadow of Egypt. ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte!
3 Therefore the protection of Pharaoh will become your shame, and the shelter in the shadow of Egypt your humiliation. Akoz sa, sekirite Farawon va vin wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou.
4 For though Pharaoh's officials are at Zoan and his envoys reach Hanes, Paske prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès.
5 everyone comes to shame through a people that cannot help them, that brings no aid and no profit, but only shame and disgrace." Tout moun va vin wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.”
6 "An oracle concerning the beasts of the Negev. Through a land of trouble and anguish, where the lioness and the lion prowl, and the viper and the darting serpent lurk, they carry their riches on the backs of donkeys and their treasures on the humps of camels, to a people who cannot help them. Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.
7 Egypt's help is worthless and empty; therefore I call her "the Harmless Monster." Paske sekou Égypte, se vanite san rezilta. Akoz sa, Mwen te rele li Rahab ki kanpe janm.
8 "Now go, write it before them on a tablet and inscribe it in a book, that it may be for the time to come, as a witness forever. Koulye a, ale, ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan.
9 For they are a rebellious people, deceitful children, children unwilling to hear the instruction of our Father. Paske sa se yon pèp rebèl, fis manti, fis ki refize koute enstriksyon SENYÈ a;
10 They say to the seers, "Do not see," and to the prophets, "Do not prophesy to us what is right; tell us pleasant things, prophesy illusions. ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.
11 Leave the way, turn aside from the path, let us hear no more about the Holy One of Israel. Sòti nan wout la, vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.”
12 Therefore this is what the Holy One of Israel, our Father, says: Because you reject this word and trust in oppression and deceit and lean on them, Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: “Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo,
13 therefore this guilt will be to you like a breach about to fall, a bulge in a high wall, whose collapse comes suddenly, in an instant. akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.
14 Its breaking is like the smashing of a potter's jar, shattered so ruthlessly that among its fragments not a shard is found to scoop fire from the hearth or to dip water from the cistern. Lè l vin kraze, l ap tankou po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”
15 For this is what the Sovereign Father, the Holy One of Israel, said: In returning and rest you will be saved; in quietness and trust will be your strength. But you were unwilling, Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle.
16 and you said, "No! We will flee on horses"—therefore you will flee; and, "We will ride on swift steeds"—therefore your pursuers will be swift. Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.
17 1,000 will flee at the threat of one; at the threat of five you will flee, till you are left like a flagstaff on a mountaintop, like a signal on a hill. Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin.
18 Therefore our Father waits to be gracious to you, and therefore he rises to show you mercy. For he is a Father of justice; blessed are all who wait for him. Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
19 A people will live in Zion, in Jerusalem; you will weep no more. At the sound of your cry he will surely be gracious; when he hears, he answers you. Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou.
20 Though our Father gives you the bread of adversity and water of suffering, your Teacher will no longer hide, but your eyes will see your Teacher. Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo.
21 Your ears will hear a word behind you: "This is the way; walk in it," when you turn right or left. Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.
22 Then you will desecrate your silver-plated carved images and gold-plated metal idols. You will throw them away like a menstrual cloth and say, "Get out!" Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”
23 He will send rain for the seed you sow, and bread from the land's produce, rich and plentiful. That day your livestock will graze in broad pastures. Epi Li va bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj.
24 The oxen and donkeys that work the ground will eat seasoned fodder, winnowed with shovel and fork. Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te vannen ak pèl ak fouchèt.
25 On every high mountain and hill will run streams of water, on the day of the great slaughter when the towers fall. Sou chak mòn ki wo ak chak kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe.
26 The moon's light will be like the sun's, and the sun's light seven times brighter, like the light of seven days, when our Father binds up his people's brokenness and heals the wound he inflicted. Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.
27 Look—the name of our Father comes from afar, burning with his anger, in thick rising smoke; his lips are full of fury, and his tongue is like a devouring fire. Gade byen, non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay.
28 His breath is like an overflowing torrent that reaches up to the neck, to sift the nations in the sieve of destruction and to put a bridle on the jaws of the peoples that leads them astray. Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo.
29 You will have a song, as in the night when a holy feast is kept, and gladness of heart, as when one marches to the sound of the flute to go to the mountain of our Father, to the Rock of Israel. Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la.
30 And our Father will make his majestic voice heard and reveal the descending blow of his arm, in furious anger and a flame of devouring fire, with cloudburst and storm and hailstones. SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.
31 For at the voice of our Father the Assyrians will be shattered, when he strikes them with his rod. Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak baton.
32 And every stroke of the punishing rod that our Father lays on them will come with tambourines and lyres, as he fights against them with the blows of his brandished arm. Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo.
33 For a burning place has long been prepared; indeed, it is made ready for the king, its pyre deep and wide, with fire and wood in abundance; the breath of our Father, like a stream of sulfur, sets it ablaze. Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]