Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to Ariel, Ariel, the city where David encamped! Add year to year; let the feasts keep coming round. Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo.
2 Yet I will press hard on Ariel, and there will be mourning and lament; she will become to me like an altar hearth. Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a.
3 I will encamp against you all around; I will besiege you with a wall and raise up siegeworks against you. Mwen va fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou.
4 You will be brought low; from the ground you will speak, and your words will be muffled in the dust. Your voice will come from the earth like a ghost's, and your speech will whisper out of the dust. Konsa ou va vin bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.
5 But the horde of your enemies will become like fine dust, and the horde of the ruthless like blowing chaff. And it will happen in an instant, suddenly. Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.
6 You will be visited by the Father of heaven's armies with thunder and earthquake and a great roar, with whirlwind and storm and the flame of a devouring fire. Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.
7 And the horde of all the nations that wage war against Ariel, all who fight against her and her stronghold and press hard on her, will be like a dream, a vision of the night. Konsa, fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit.
8 It will be as when a hungry man dreams he is eating, and wakes with his hunger unsatisfied; or as when a thirsty man dreams he is drinking, and wakes faint, his thirst unquenched. So will it be with the horde of all the nations that fight against Mount Zion. Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rev—epi gade byen, l ap bwe, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.
9 Be dumbfounded and stunned; blind yourselves and be blind! They are drunk, but not with wine; they stagger, but not from strong drink. Pran reta epi tan! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò.
10 For our Father has poured out on you a spirit of deep sleep; he has shut your eyes, the prophets, and covered your heads, the seers. Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.
11 The whole vision is to you like words of a sealed scroll. When they give it to one who can read, saying, "Read this, please," he says, "I can't; it's sealed." Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.”
12 When the scroll is given to one who cannot read, saying, "Read this," he says, "I can't read." Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
13 The Sovereign Father said: "Because this people comes near with its mouth and honors me with its lips, but its heart is far from me; their fear of me is a rule taught by men, Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
14 therefore, look, I will again do wonders with this people, wonder upon wonder; the wisdom of their wise men will perish, and the understanding of their discerning ones will vanish." pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”
15 Woe to those who go deep to hide their plans from our Father, whose deeds are done in the dark, who say, "Who sees us? Who knows us?" Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”
16 How you twist everything around! Should the potter be treated like his clay—as if the thing made could tell its maker, "He didn't make me," or the thing shaped could tell the one who formed it, "He knows nothing"? Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”
17 Is it not just a little while before Lebanon will be turned into a fruitful field, and the fruitful field counted as a forest? Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè?
18 On that day the deaf will hear the words of a scroll, and out of gloom and darkness the eyes of the blind will see. Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.
19 The humble will find fresh joy in our Father, and the poor among mankind will rejoice in the Holy One of Israel, our Father. Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la.
20 For the ruthless will be no more and the scoffer will be finished; all who are bent on evil will be cut off, Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt—
21 those who with a word make a man out to be a sinner, who lay a snare for the one who defends justice at the gate, and with empty arguments turn aside the one in the right. sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.
22 Therefore this is what our Father says, who redeemed Abraham, concerning the house of Jacob: "No longer will Jacob be ashamed, no longer will his face grow pale. Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: “Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal.
23 For when he sees his children, the work of my hands among them, they will keep my name holy; they will keep holy the Holy One of Jacob and stand in awe of our Father. Men lè li wè pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la.
24 Those who wander in spirit will come to understanding, and those who grumble will accept instruction." Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]