Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to the proud crown of the drunkards of Ephraim, and to the fading flower of its glorious beauty, which sits on the head of the lush valley of those overcome with wine! Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!
2 Look, the Sovereign Father has one who is mighty and strong; like a hailstorm, a destroying tempest, like a storm of mighty, overflowing waters, he will hurl it down to the earth with his hand. Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.
3 The proud crown of the drunkards of Ephraim will be trampled underfoot. Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.
4 And the fading flower of its glorious beauty, which sits on the head of the lush valley, will be like a first-ripe fig before summer—whoever sees it swallows it as soon as it is in his hand. Epi flè ki kanpe sou tèt valè fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon a. Yon moun jwenn l, epi lapoula, li vale l.
5 In that day the Father of heaven's armies will be a crown of glory and a diadem of beauty to the remnant of his people, Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a.
6 and a spirit of justice to the one who sits in judgment, and strength to those who turn back the battle at the gate. Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.
7 These also reel with wine and stagger with strong drink: the priest and the prophet reel with strong drink, they are confused by wine, they stagger with strong drink, they reel when they see visions, they stumble in giving their rulings. Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.
8 For all the tables are covered with filthy vomit, with no clean place left. Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
9 "Whom will he teach knowledge, and to whom will he explain the message? Those just weaned from milk, those just taken from the breast? A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo?
10 For it is order on order, order on order, line on line, line on line, a little here, a little there." Paske Li pale, Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.
11 Indeed, by people of strange lips and a foreign tongue he will speak to this people, Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak lèv bege e ak yon lang etranje,
12 to whom he had said, "This is the rest; give rest to the weary; this is the resting place"—yet they were not willing to listen. Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute.
13 So the word of our Father will be to them rule on rule, rule on rule, line on line, line on line, a little here, a little there, that they may go and stumble backward, and be broken, and snared, and captured. Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
14 Therefore hear the word of our Father, you scoffers who rule this people in Jerusalem! Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan:
15 Because you have said, "We have struck a covenant with death, and with the grave we have made an agreement; when the overwhelming flood passes through, it will not reach us, for we have made lies our refuge and hidden ourselves in falsehood", “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.”
16 therefore this is what the Sovereign Father says: "Look, I am laying in Zion a stone, a tested stone, a precious cornerstone, a sure foundation: the one who believes will not panic. Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.
17 And I will make justice the measuring line and righteousness the plumb line; hail will sweep away the refuge of lies, and waters will flood the hiding place. Mwen va fè jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a.
18 Then your covenant with death will be wiped out, and your agreement with the grave will not stand; when the overwhelming flood passes through, you will be trampled down by it. Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va foule anba l.
19 As often as it passes through, it will seize you; for morning by morning it will pass through, by day and by night, and it will be sheer terror just to take in the news." Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.”
20 For the bed is too short to stretch out on, and the blanket too narrow to wrap up in. Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e dra a twò etwat pou vlope nou.
21 For our Father will rise up as he did at Mount Perazim, he will be stirred as in the Valley of Gibeon, to do his work—strange is his work!—and to perform his task—foreign is his task! Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.
22 Now therefore do not scoff, or your chains will grow tighter; for I have heard a decree of destruction from the Father of heaven's armies, against the whole land. Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.
23 Listen and hear my voice; pay attention and hear my words. Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo.
24 Does the farmer plow all day to plant? Does he keep breaking up and tilling his ground? Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a?
25 When he has leveled its surface, does he not scatter dill and sow cumin, and plant wheat in rows and barley in its plot, and spelt along the border? Èske li pa fè tè a nivo pou simen grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li?
26 His Father instructs him rightly; his Father teaches him. Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon.
27 Dill is not threshed with a sledge, nor is a cart wheel rolled over cumin; but dill is beaten out with a stick, and cumin with a rod. Paske grenn lanni pa kraze vannen ak gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton.
28 Grain for bread must be crushed, but he does not thresh it forever; he drives his cart wheel and horses over it, yet does not crush it to powder. Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen.
29 This too comes from the Father of heaven's armies; he is wonderful in counsel and magnificent in wisdom. Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]