Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In King Hezekiah's fourteenth year, Sennacherib king of Assyria attacked all Judah's fortified cities and captured them. Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo.
2 The king of Assyria sent the Rabshakeh with a great army from Lachish to Jerusalem, to King Hezekiah. He stood at the upper pool's aqueduct, on the road to the Launderer's Field. Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a.
3 Eliakim son of Hilkiah, palace administrator, Shebna the scribe, and Joah son of Asaph the recorder came out to him. Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l.
4 The Rabshakeh told them, "Tell Hezekiah: The great king, the king of Assyria, says this: What is this confidence you trust in? Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an?
5 You say you have counsel and strength for war—but that's only talk. Now, whom do you trust, that you've rebelled against me? Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?
6 Look, you trust in this crushed reed staff—Egypt—that will pierce your hand and go right through it if you lean on it. So is Pharaoh king of Egypt to all who trust in him. Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo.
7 If you tell me, 'We trust in the LORD our God'—isn't he the one whose high places and altars Hezekiah removed, telling Judah and Jerusalem, 'You must worship before this altar'? Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’?
8 So make a bet with my master, the king of Assyria: I'll give you 2,000 horses—if you can put riders on them. Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo.
9 How then can you turn back one officer, even the least of my master's servants, when you trust Egypt for chariots and horsemen? Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye?
10 Now, did I come up against this land to destroy it without the LORD? The LORD told me: Go up against this land and destroy it." Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”
11 Then Eliakim, Shebna, and Joah told the Rabshakeh, "Please speak Aramaic to your servants, since we understand it. Don't speak Judean to us within earshot of the people on the wall." Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”
12 The Rabshakeh replied, "Did my master send me to say this to your master and you, not the men sitting on the wall, who must eat their own dung and drink their own urine with you?" Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?”
13 Then the Rabshakeh stood and shouted in Judean, "Hear the words of the great king, the king of Assyria! Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a.
14 The king says: Don't let Hezekiah deceive you; he cannot rescue you. Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, paske li p ap ka delivre nou!
15 Don't let Hezekiah make you trust in the LORD, saying, 'The LORD will surely rescue us; this city won't fall to Assyria's king.' Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’
16 Don't listen to Hezekiah. This is what the king of Assyria says: Make peace with me and come out to me. Each of you will eat from his own vine and his own fig tree, and each of you will drink water from his own well, Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li,
17 until I come and take you to a land like your land, a land of grain and new wine, a land of bread and vineyards. jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen.
18 Don't let Hezekiah deceive you by saying, 'The LORD will rescue us.' Has any nation's god rescued its land from the king of Assyria's hand? Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: “SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la?
19 Where are gods of Hamath and Arpad? Where are gods of Sepharvaim? Have they rescued Samaria from my hand? Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?”
20 Which of all these lands' gods rescued their land from my hand, that the LORD should rescue Jerusalem from my hand?" Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”
21 They stayed silent, answered him not a word—the king's command was, "Don't answer him." Men yo te pe la e pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.
22 Then Eliakim son of Hilkiah, palace administrator, Shebna the scribe, and Joah son of Asaph, the recorder, came to Hezekiah with torn clothes and reported the Rabshakeh's words. Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]