Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When King Hezekiah heard it, he tore his clothes, put on mourning clothes, and went into the house of our Father. Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a.
2 He sent Eliakim the palace administrator, Shebna the scribe, and senior priests in sackcloth to the prophet Isaiah son of Amoz. Li te voye Éliakim ki te chèf nan kay la avèk Schebna, grefye a ak ansyen a prèt yo, kouvri ak sak twal, kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
3 They told him, "Hezekiah says: Today is a day of distress, reproof, and contempt. Children have come to birth, but no strength to deliver them. Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.
4 Perhaps your Father will hear the words of the Rabshakeh, whom his master the king of Assyria sent to mock the living Father, and will rebuke the words he heard. So lift up a prayer for the surviving remnant." Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’”
5 When the servants of King Hezekiah came to Isaiah, Se konsa sèvitè a Wa Ézéchias yo te rive kote Ésaïe.
6 Isaiah told them, "Tell your master: our Father says: Don't fear the words you heard, with which the king of Assyria's servants insulted me. Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale mèt nou an, ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Pa pè akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme non Mwen.
7 Look, I will put a spirit in him, so he hears a report, returns to his own land, and there I will make him fall by the sword." Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
8 The Rabshakeh returned and found the Assyrian king fighting Libnah, having heard the king had left Lachish. Pou sa a, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna, paske li te tande ke wa a te kite Lakis.
9 The king heard about Tirhakah king of Cush: "He has come out to fight you." Hearing this, he sent messengers to Hezekiah: Lè li menm, wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
10 "Tell Hezekiah king of Judah: Don't let the God you trust deceive you, saying, 'Jerusalem won't fall to Assyria's king.' “Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: ‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.”
11 You have heard what the kings of Assyria did to all lands, destroying them completely. And you—will you be rescued? Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape?
12 Did the nations' gods rescue those my fathers destroyed: Gozan, Haran, Rezeph, and Eden's people in Telassar? Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo?
13 Where is the king of Hamath, the king of Arpad, the king of Sepharvaim, Hena, and Ivvah?" Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’”
14 Hezekiah took the letter from the messengers, read it, went up to our Father's house, and spread it out before our Father. Ézéchias te pran lèt la nan men mesaje a, li te li li. Konsa, li te monte lakay SENYÈ a, e li te ouvri li devan SENYÈ a.
15 And Hezekiah prayed to our Father, saying: Ézéchias te priye a SENYÈ a e te di:
16 "Father of heaven's armies, the Father of Israel, enthroned above the cherubim—you alone are our Father over all earth's kingdoms; you made the heavens and the earth. “O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a.
17 Bend down, our Father, and hear; open your eyes, our Father, and see; hear all Sennacherib's words sent to mock the living Father. Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.
18 True, our Father, the kings of Assyria have destroyed all the nations and their lands, Anverite O SENYÈ, wa Assyrie yo te detwi tout peyi yo ak tout tè pa yo.
19 and threw their gods into the fire—not gods but work of human hands, wood and stone; so they destroyed them. Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo.
20 Now, our Father, save us from his hand, so all earth's kingdoms may know you alone are our Father." Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”
21 Then Isaiah son of Amoz sent to Hezekiah: This is what the Father of Israel says: Because you prayed to me about Sennacherib king of Assyria, Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a,
22 this is the word that our Father has spoken against him: "She despises you, she scorns you—the virgin daughter of Zion; behind you she shakes her head—the daughter of Jerusalem. men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!
23 Whom have you mocked and reviled? Against whom have you raised your voice and lifted your eyes in pride? Against the Holy One of Israel! Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!
24 By your servants you have mocked the Sovereign Father, and you have said, 'With my many chariots I have gone up to the heights of the mountains, to the far reaches of Lebanon. I cut down its tallest cedars, its choicest cypresses; I came to its remotest height, its densest forest. Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.
25 I dug wells and drank water; with the sole of my foot I dried up all the streams of Egypt.' Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’”
26 Have you not heard? Long ago I did it; from days of old I planned it. Now I have made it happen, that you should turn fortified cities into heaps of ruins. “Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.
27 Their inhabitants, stripped of their strength, were dismayed and put to shame; they were like plants of the field, like tender grass, like grass on the rooftops, withered before it can grow. Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi.
28 But I know when you sit down, when you go out, and when you come in, and when you rage against me. Men Mwen konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen.
29 Because you rage against me, and your arrogance has reached my ears, I will put my hook in your nose and my bridle in your mouth, and I will turn you back by the way you came. Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”
30 "This is your sign: this year you'll eat what grows on its own, the second year what springs from that, the third year sow and reap, plant vineyards and eat their fruit. “Epi sa va sign pou ou: ou va manje ane sa a sa ki grandi pou li, nan dezyèm ane sa ki vin parèt menm jan an. Nan twazyèm ane a, plante, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi yo.
31 And the surviving remnant of the house of Judah will again take root downward and bear fruit upward. Retay lakay Juda ki chape a va ankò pran rasin anba pou donnen fwi anlè.
32 For out of Jerusalem will go a remnant, and out of Mount Zion a band of survivors. The zeal of the Father of heaven's armies will accomplish this. Paske soti nan Jérusalem, va vin parèt yon retay e sòti nan Mòn Sion, kèk moun ki chape. Zèl kouraj SENYÈ a va akonpli sa a.”
33 So our Father says about Assyria's king: He will not enter this city or shoot an arrow here, confront it with a shield, or build a siege ramp against it. “Pou sa” pale SENYÈ a, pale konsènan wa Assyrie a konsa: “Li p ap rive nan vil sa a, ni tire yon flèch la. Li p ap parèt devan l ak boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
34 He will return the way he came; he will not come into this city, declares our Father. Pa menm chemen ke li te vini an, pa li menm li va retounen e li p ap rive sou vil sa a,’ deklare SENYÈ a.
35 For I will defend this city to save it, for my own sake and for the sake of David my servant." ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”
36 Then our Father's messenger went out and struck down 185,000 in the Assyrian camp; when people rose early in the morning, there were dead bodies everywhere. Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.
37 So Sennacherib king of Assyria broke camp and went home, and he stayed at Nineveh. Konsa, Sanchérib, wa Assyrie a te sòti, te retounen lakay li e te rete Ninive.
38 As he worshiped in the temple of his god Nisroch, his sons Adrammelech and Sharezer struck him with the sword and fled to Ararat. His son Esarhaddon ruled in his place. Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]