Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 38 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days Hezekiah fell mortally ill. The prophet Isaiah son of Amoz came to him and said, "This is what our Father says: Put your house in order, for you will die; you will not recover." Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
2 Then Hezekiah turned his face to the wall and prayed to our Father, Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a.
3 and said, "Please, my Father, remember how I walked faithfully before you with a whole heart, and did what was good in your eyes." Hezekiah wept bitterly. Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
4 Then the word of our Father came to Isaiah: Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l:
5 "Go tell Hezekiah, 'This is what our Father says, the Father of your ancestor David: I have heard your prayer and seen your tears. I am adding fifteen years to your life.' “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.
6 I will rescue you and this city from the king of Assyria; I will defend this city. Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’
7 "This is your sign from our Father that he will do what he has promised: Konsa, sa va sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a:
8 Look, I'll turn back the shadow ten steps the sun has descended on Ahaz's stairway." So the sun turned back the ten steps it had gone down. Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.
9 A writing of Hezekiah king of Judah, after his illness and recovery: Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
10 I said, "In the middle of my days I must go through the gates of the grave; I am robbed of the rest of my years." Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”
11 I said, "I will not see our Father himself in the land of the living; I will look on humanity no longer, among those who dwell in this passing world. Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; SENYÈ nan peyi vivan yo. Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
12 My dwelling is pulled up and carried off from me like a shepherd's tent. I have rolled up my life like a weaver; he cuts me off from the loom; from day to night you bring me to an end. Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. Soti lajounen rive nan lannwit, Ou va fè yon fen ak mwen.
13 I waited quietly until morning, but like a lion he breaks all my bones; from day to night you bring me to an end. Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
14 Like a swift or a crane I chirp; I moan like a dove. My eyes grow weary looking upward. O Sovereign Father, I am hard-pressed; be my guarantee of safety!" Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!
15 What can I say? He has spoken to me, and he himself has done it. I will walk slowly all my years because of the bitterness of my soul. Kisa mwen kapab di? Non sèlman Li te pale ak mwen, Men Li, Li menm, te fè l. Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo akoz gou anmè kè m fin goute.
16 O Sovereign Father, by such things people live, and in all of them is the life of my spirit. So restore me to health and let me live! O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv, e nan sa yo, lespri m jwenn lavi. Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
17 Surely it was for my own good that I suffered such bitterness. In your love you held back my life from the pit of destruction, for you have thrown all my sins behind your back. Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
18 For the grave cannot praise you; death cannot sing your praise. Those who go down to the pit cannot hope for your faithfulness. Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou. Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj. Sila ki desann nan fos yo p ap ka gen espwa fidelite Ou.
19 The living, the living—they praise you, as I do this day; the father makes your faithfulness known to the children. Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman, tankou mwen menm, mwen fè jodi a. Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
20 Our Father will save me, and we will play my songs on stringed instruments all the days of our lives, in the house of our Father. Anverite, SENYÈ a va sove mwen. Konsa, nou va chante chanson mwen yo sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
21 Isaiah had said, "Let them take a fig cake, apply it to the boil, and he'll recover." Alò Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.”
22 Hezekiah had asked, "What is the sign that I will go up to the house of our Father?" Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]