Side by side with the Father's Heart Bible™ 1Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,men yon mokè pa koute repwòch.
2Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;men volonte moun infidèl se vyolans.
3Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
4Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;men nanm a moun dilijan an vin gra.
5Yon nonm dwat rayi sa ki fo;men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
6Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
7Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
8Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;men malere a pa tande menas.
9Limyè a moun dwat la se rejwisans;men lanp a mechan an va etenn.
10Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
11Richès ki sòti nan manti koule ale;men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
12Lespwa jennen fè kè a malad;men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a;men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
14Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavipou detounen pèlen lanmò a.
15Bon konprann pwodwi favè;men chemen moun ki pa fidèl la di.
16Tout moun ki pridan aji ak konesans;men yon moun san konprann parèt ak foli li.
17Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
18Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19Yon dezi ki realize se dous a nanm nan,men moun bèt pa vle kite mechanste.
20Sila ki mache ak moun saj va vin saj;men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
21Se malè ki kouri dèyè pechè yo;men moun dwat yo va pwospere.
22Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23Gen anpil manje nan tè malere a;men li fin bale nèt akoz enjistis.
24Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
25Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;men vant mechan an toujou gen bezwen.