Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 14 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Fanm saj la bati kay li,men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

2Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.

3Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;men lèv a saj yo va pwoteje yo.

4Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;men se fòs a bèf la ki fè richès.

5Yon temwen fidèl p ap bay manti;men yon fo temwen pale manti.

6Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

7Kite prezans a yon moun ensanse,sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.

8Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;men betiz a moun ensanse a se desepsyon.

9Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.

10Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li;men ak lòt, sa p ap pataje.

11Lakay mechan yo va detwi;men tant a moun dwat la va fleri.

12Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;men fen li se chemen lanmò an.

13Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,e lajwa kon fini nan tristès.

14Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li;men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.

15Moun san konprann kwè nan tout bagay;men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.

16Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal;men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.

17Yon nonm kolerik aji nan foli,e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.

18Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;men moun rezonab lan kouwone ak konesans.

19Mal la va bese devan sa ki bon an;e mechan an devan pòtay a moun dwat la.

20Malere a vin rayi menm pa vwazen li;men moun gwo kòb gen anpil zanmi.

21Sila ki meprize vwazen li fè peche;men sila ki fè gras a malere a, beni.

22Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare?Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.

23Nan tout travay gen pwofi;men pale anpil mennen nan povrete.

24Kouwòn saj yo se richès yo;men betiz moun ensanse se foli yo.

25Yon vrè temwen sove lavi a moun;men sila ki pale manti pase moun nan betiz.

26Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;e pitit li yo va jwenn sekou.

27Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

28Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,men afè prens ki manke moun gate nèt.

29Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann;men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.

30Yon kè trankil se lavi pou kò a;men pasyon fè tout zo yo pouri.

31Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.

32Mechan an jete anba pa malfezans li;men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.

33Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.

34Ladwati leve yon nasyon;men peche se yon gwo wont pou yon pèp.

35Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès;men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]