Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The wisest of women builds her house, but foolishness tears hers down with her own hands. Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
2 Whoever walks in uprightness fears our Father, but one whose ways are crooked despises him. Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
3 A fool's mouth is a rod for his own pride, but the lips of the wise protect them. Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo.
4 Where there are no oxen, the manger stays clean, but an abundant harvest comes through the strength of an ox. Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès.
5 A faithful witness does not lie, but a false witness breathes out lies. Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.
6 The scoffer seeks wisdom and finds none, but knowledge comes easily to the discerning. Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7 Stay away from a fool, for you will find no knowledge on his lips. Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8 The wisdom of the prudent is to discern their way, but the foolishness of fools is deceit. Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
9 Fools mock the guilt offering, but among the upright there is favor. Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10 The heart knows its own bitterness, and no stranger shares in its joy. Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.
11 The house of the wicked will be destroyed, but the tent of the upright will flourish. Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.
12 There is a way that seems right to a person, but its end is the way of death. Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an.
13 Even in laughter the heart may ache, and the end of joy may be grief. Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès.
14 The backslider in heart will be filled with the fruit of his ways, and a good person with the fruit of his. Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
15 The simple believe anything, but the prudent give thought to their steps. Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.
16 The wise fear and turn away from evil, but a fool is reckless and overconfident. Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17 A quick-tempered person acts foolishly, and one who plots evil schemes is hated. Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.
18 The simple inherit foolishness, but the prudent are crowned with knowledge. Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
19 The evil bow down before the good, and the wicked at the gates of the righteous. Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
20 The poor are shunned even by their neighbors, but the rich have many friends. Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21 Whoever despises his neighbor sins, but blessed is the one who is kind to the poor. Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.
22 Do not those who plot evil go astray? But covenant love and faithfulness belong to those who plan good. Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
23 In all hard work there is profit, but mere talk leads only to poverty. Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.
24 The crown of the wise is their wealth, but the foolishness of fools yields only foolishness. Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.
25 A truthful witness saves lives, but one who breathes out lies is treacherous. Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
26 In the fear of our Father is strong confidence, and his children will have a refuge. Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.
27 The fear of our Father is a fountain of life, turning a person away from the snares of death. Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
28 A large population is a king's glory, but without people a prince is ruined. Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt.
29 Whoever is slow to anger has great understanding, but a hot temper exalts foolishness. Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
30 A tranquil heart gives life to the body, but envy rots the bones. Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri.
31 Whoever oppresses the poor reproaches our Father, their Maker, but whoever is kind to the needy honors him. Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
32 The wicked are brought down by their own evil, but the righteous find refuge even in death. Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
33 Wisdom rests in the heart of the discerning, but even among fools it makes itself known. Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
34 Righteousness exalts a nation, but sin is a disgrace to any people. Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
35 A king's favor rests on a wise servant, but his wrath falls on one who acts shamefully. Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]