Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A gentle answer turns away wrath, but a harsh word stirs up anger. Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2 The tongue of the wise commends knowledge, but the mouths of fools pour out foolishness. Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
3 The eyes of our Father are in every place, keeping watch on the evil and the good. Zye a SENYÈ a tout kote; L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
4 A gentle tongue is a tree of life, but a corrupt tongue crushes the spirit. Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
5 A fool despises his father's instruction, but whoever heeds correction is prudent. Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
6 In the house of the righteous there is much treasure, but the income of the wicked brings trouble. Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.
7 The lips of the wise spread knowledge, but not so the hearts of fools. Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
8 The sacrifice of the wicked is detestable to our Father, but the prayer of the upright is his delight. Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
9 The way of the wicked is detestable to our Father, but he loves the one who pursues righteousness. Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.
10 There is severe discipline for the one who leaves the path, and whoever hates correction will die. Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an; sila ki rayi korije a va mouri.
11 The grave and Destruction lie open before our Father; how much more the hearts of all people! Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a; konbyen, anplis, pou kè a lòm!
12 A scoffer does not love to be corrected; he will not go to the wise. Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.
13 A glad heart makes a cheerful face, but a sorrowful heart crushes the spirit. Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.
14 A discerning heart seeks knowledge, but the mouths of fools feed on foolishness. Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.
15 All the days of the afflicted are hard, but a cheerful heart has a continual feast. Tout jou aflije yo move; men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
16 Better a little with the fear of our Father than great treasure and trouble with it. Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17 Better a meal of vegetables where there is love than a fattened ox with hatred. Pi bon se yon plato legim avèk lanmou, pase yon bèf gra ak rayisman.
18 A hot-tempered man stirs up strife, but one who is slow to anger calms a quarrel. Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
19 The way of the lazy is like a hedge of thorns, but the path of the upright is a level highway. Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
20 A wise son makes a glad father, but a foolish man despises his mother. Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.
21 Foolishness is joy to one who lacks sense, but a person of understanding walks a straight path. Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
22 Plans fail without counsel, but with many advisers they succeed. San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
23 A person finds joy in giving an apt reply, and how good is a word at the right time! Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
24 The path of life leads upward for the prudent, turning him away from the grave below. Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.
25 Our Father tears down the house of the proud, but he protects the widow's boundary. SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.
26 The thoughts of the wicked are detestable to our Father, but gracious words are pure. Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.
27 Whoever is greedy for unjust gain brings trouble on his own household, but the one who hates bribes will live. Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
28 The heart of the righteous weighs how to answer, but the mouth of the wicked pours out evil. Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
29 Our Father is far from the wicked, but he hears the prayer of the righteous. SENYÈ a lwen mechan an; men Li tande lapriyè a moun dwat yo.
30 The light of the eyes brings joy to the heart, and good news refreshes the bones. Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl kon mete grès sou zo.
31 The ear that listens to life-giving correction will dwell among the wise. Zòrèy k ap koute repwòch ap viv; zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
32 Whoever ignores instruction despises himself, but whoever listens to correction gains understanding. Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.
33 The fear of our Father is the instruction of wisdom, and humility comes before honor. Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]