Side by side with the Father's Heart Bible™ 1Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,men sila ki rayi korije a, se bèt.
2Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a;men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
3Yon nonm p ap etabli ak mal la;men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
4Yon bon madanm se kouwòn a mari li;men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
5Panse a moun dwat yo jis;men konsèy a mechan yo se desepsyon.
6Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;men bouch moun dwat yo va delivre yo.
7Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;men kay a moun dwat yo va kanpe.
8Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;men sila ak panse pèvès la va meprize.
9Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè,pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.
10Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;men konpasyon a mechan an se mechanste.
11Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
12Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
13Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;men moun dwat la va evite pwoblèm.
14Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
15Chemen a yon moun fou bon nan zye li;men yon nonm saj koute konsèy.
16Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;men sila ki saj la evite wont.
17Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;men yon fo temwen twonpe.
18Genyen yon moun ki pale san pridanstankou sila k ap goumen ak nepe yo;men lang a saj la pote gerizon.
19Lèv verite yo va etabli pou tout tan;men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;men konseye lapè yo gen jwa.
21Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;men mechan yo plen ak twoub.
22Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
23Yon moun pridan kache sa li konnen;men kè moun san konprann pale jis nan foli.
24Men a dilijan yo va kòmande;men parese a va fè kòve.
25Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;men yon bon pawòl fè l leve.
26Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;men chemen a mechan fè yo egare.
27Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
28Nan chemen ladwati se lavi;e nan wout li nanpwen lanmò.