Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Whoever loves discipline loves knowledge, but whoever hates correction is senseless. Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.
2 A good man obtains favor from our Father, but he condemns the man who schemes evil. Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
3 No one is established by wickedness, but the root of the righteous will never be moved. Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
4 A wife of noble character is her husband's crown, but one who brings shame is like decay in his bones. Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
5 The plans of the righteous are just, but the advice of the wicked is deceitful. Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.
6 The words of the wicked lie in wait for blood, but the speech of the upright rescues the innocent. Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
7 The wicked are overthrown and are no more, but the house of the righteous will stand. Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.
8 A person is praised according to their good sense, but one with a warped mind is despised. Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.
9 Better to be lowly and have a servant than to pretend to greatness and go hungry. Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.
10 The righteous care for the needs of their animals, but even the mercy of the wicked is cruel. Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.
11 Whoever works their land will have plenty of food, but whoever chases worthless pursuits lacks sense. Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
12 The wicked crave the plunder of evil men, but the root of the righteous yields fruit. Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
13 An evil man is trapped by his sinful talk, but the righteous escapes from trouble. Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.
14 From the fruit of their words a person is filled with good things, and the work of their hands comes back to reward them. Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
15 The way of a fool seems right in his own eyes, but the wise listen to advice. Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.
16 A fool shows his anger at once, but the prudent overlook an insult. Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.
17 Whoever speaks the truth gives honest testimony, but a false witness tells lies. Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe.
18 Reckless words pierce like a sword, but the tongue of the wise brings healing. Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
19 Truthful lips endure forever, but a lying tongue lasts only a moment. Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20 Deceit fills the hearts of those who plot evil, but joy belongs to those who promote peace. Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.
21 No harm overtakes the righteous, but the wicked are full of trouble. Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.
22 Lying lips are detestable to our Father, but those who act faithfully are his delight. Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
23 The prudent keep their knowledge to themselves, but the heart of fools blurts out foolishness. Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.
24 Diligent hands will rule, but laziness ends in forced labor. Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
25 Anxiety weighs down the heart, but a kind word cheers it up. Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.
26 The righteous guide their neighbor, but the way of the wicked leads them astray. Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; men chemen a mechan fè yo egare.
27 The lazy do not roast their game, but the diligent prize their possessions. Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
28 In the path of righteousness there is life, and along that way there is no death. Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]