Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Dishonest scales are an abomination to our Father, but accurate weights are his delight. Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
2 When pride comes, then comes disgrace, but wisdom comes with the humble. Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.
3 The integrity of the upright guides them, but the crookedness of the treacherous destroys them. Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
4 Wealth does not profit in the day of wrath, but righteousness delivers from death. Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
5 The righteousness of the blameless makes their way straight, but the wicked falls by his own wickedness. Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
6 The righteousness of the upright delivers them, but the treacherous are trapped by their own craving. Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.
7 When a wicked person dies, his hope perishes, and his confidence in his own strength comes to nothing. Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.
8 The righteous is delivered from trouble, and the wicked comes into it in his place. Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.
9 With his mouth the godless destroys his neighbor, but through knowledge the righteous are delivered. Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
10 When things go well for the righteous, the city rejoices, and when the wicked perish, there are shouts of joy. Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.
11 By the blessing of the upright a city is exalted, but by the mouth of the wicked it is torn down. Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.
12 Whoever despises his neighbor lacks sense, but a person of understanding stays silent. Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
13 A gossip goes about revealing secrets, but someone with a trustworthy spirit can keep a secret. Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
14 Where there is no guidance, a people falls, but in an abundance of counselors there is safety. Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.
15 Whoever puts up security for a stranger will surely suffer for it, but whoever hates shaking hands on a pledge is secure. Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen, va vrèman soufri pou sa a; men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
16 A gracious woman attains honor, and ruthless men attain riches. Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.
17 A kind person benefits himself, but a cruel person brings trouble on himself. Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.
18 The wicked earns deceptive wages, but whoever sows righteousness earns a true reward. Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.
19 Whoever is steadfast in righteousness finds life, but whoever pursues evil runs to his own death. Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
20 Those of crooked heart are an abomination to our Father, but those whose ways are blameless are his delight. Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
21 You can be sure the evil person will not go unpunished, but the children of the righteous will go free. Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.
22 Like a gold ring in a pig's snout is a beautiful woman who shows no discretion. Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
23 The desire of the righteous ends only in good, but the hope of the wicked ends in wrath. Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.
24 One person gives freely, yet grows all the richer; another withholds what is right, only to end up in need. Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25 A generous soul will be enriched, and whoever refreshes others will himself be refreshed. Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
26 The people curse whoever holds back grain, but the one who sells it is blessed. Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
27 Whoever diligently seeks good seeks favor, but whoever searches for evil, evil will come to him. Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li.
28 Whoever trusts in his riches will fall, but the righteous will flourish like green leaves. Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
29 Whoever brings trouble on his own household will inherit the wind, and the fool will be servant to the wise of heart. Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
30 The fruit of the righteous is a tree of life, and whoever wins souls is wise. Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo.
31 If the righteous is repaid on earth, how much more the wicked and the sinner! Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]