Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The proverbs of Solomon: A wise son brings joy to his father, but a foolish son brings grief to his mother. Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
2 Treasures gained by wickedness do not profit, but righteousness rescues from death. Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.
3 Our Father will not let the righteous go hungry, but he thwarts the craving of the wicked. SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.
4 Lazy hands make you poor, but diligent hands bring wealth. Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.
5 He who gathers in summer is a prudent son, but he who sleeps during harvest is a son who brings shame. Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.
6 Blessings rest on the head of the righteous, but the mouth of the wicked conceals violence. Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.
7 The memory of the righteous is a blessing, but the name of the wicked will rot. Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.
8 A wise heart accepts commands, but a babbling fool comes to ruin. Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
9 Whoever walks in integrity walks securely, but he who makes his ways crooked will be found out. Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
10 Whoever winks causes trouble, and a babbling fool comes to ruin. Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
11 The mouth of the righteous is a fountain of life, but the mouth of the wicked conceals violence. Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.
12 Hatred stirs up conflict, but love covers all offenses. Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.
13 On the lips of the discerning, wisdom is found, but a rod is for the back of one who lacks sense. Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 The wise store up knowledge, but the mouth of a fool invites ruin. Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
15 The wealth of the rich is their fortified city; the ruin of the poor is their poverty. Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè.
16 The wage of the righteous leads to life; the gain of the wicked leads to sin. Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.
17 Whoever accepts discipline is on the path to life, but he who ignores correction leads others astray. Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
18 Whoever conceals hatred is a liar, and whoever spreads slander is a fool. Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Where words are many, sin is never absent; but whoever holds his tongue is wise. Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 The tongue of the righteous is choice silver; the heart of the wicked is worth little. Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.
21 The lips of the righteous nourish many, but fools die for lack of sense. Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
22 The blessing of our Father brings wealth, and he adds no sorrow with it. Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.
23 Doing wickedness is a game to a fool, but wisdom is the delight of a person of understanding. Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24 What the wicked dreads will come upon him, but the desire of the righteous will be granted. Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25 When the storm has passed, the wicked are gone, but the righteous are established forever. Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
26 Like vinegar to the teeth and smoke to the eyes, so is the sluggard to those who send him. Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
27 The fear of our Father lengthens life, but the years of the wicked will be cut short. Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; men lane mechan yo va kout.
28 The hope of the righteous brings joy, but the expectation of the wicked will perish. Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
29 The way of our Father is a refuge for the blameless, but ruin for those who do evil. Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30 The righteous will never be shaken, but the wicked will not remain in the land. Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.
31 The mouth of the righteous yields wisdom, but the perverse tongue will be cut off. Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe.
32 The lips of the righteous know what is acceptable, but the mouth of the wicked, only what is perverse. Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]