Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Wisdom has built her house; she has hewn out her seven pillars. Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo.
2 She has slaughtered her animals; she has mixed her wine; she has also set her table. Li te prepare manje li, li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 She has sent out her young women to call from the highest places of the town: Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 "Whoever is simple, let him come in here!" To the one who lacks sense she says, “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
5 "Come, eat my bread and drink the wine I have mixed. “Vin manje manje mwen an, e bwè diven ke m te melanje a.
6 Leave your simple ways, and live; walk in the way of insight." Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
7 Whoever corrects a mocker brings abuse on himself, and whoever rebukes a wicked man gets hurt. Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.
8 Do not rebuke a mocker, or he will hate you; rebuke a wise man, and he will love you. Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Instruct a wise man and he will grow wiser; teach a righteous man and he will learn even more. Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 The fear of our Father is the beginning of wisdom, and the knowledge of the Holy One is insight. Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 For by me your days will be multiplied, and years will be added to your life. Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 If you are wise, you are wise for yourself; if you scoff, you alone will bear it. Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13 The woman Folly is loud; she is naive and knows nothing. Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen.
14 She sits at the door of her house, on a seat at the highest places of the town, Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15 calling to those who pass by, who are going straight on their way: Li rele sila ki pase yo, ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 "Whoever is simple, let him come in here!" And to the one who lacks sense she says, Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 "Stolen water is sweet, and bread eaten in secret is pleasant." “Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 But he does not know that the dead are there, that her guests are in the depths of the grave. Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]