Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Does not Wisdom call out, and understanding raise her voice? Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?
2 Atop the heights along the way, where the paths meet, she takes her stand. Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo; la li pran pozisyon li.
3 Beside the gates, at the entrance to the city, at the doorways she cries aloud: Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4 "To you, all people, I call out; my voice reaches all humanity. Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele! Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5 You who are simple, learn prudence; you who are foolish, gain an understanding heart. O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!
6 Listen, for I speak of noble things, and everything I say is right. Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
7 My mouth utters truth, for my lips detest wickedness. Paske bouch mwen va eksprime verite; epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
8 All the words of my mouth are righteous; none of them is twisted or crooked. Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
9 To the one who understands they are all clear, and right to those who find knowledge. Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
10 Take my instruction instead of silver, and knowledge rather than choice gold, Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 for wisdom is better than jewels, and nothing you desire can compare with her. Paske, sajès pi bon ke bijou; epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12 I, Wisdom, dwell with prudence, and I find knowledge and discretion. Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13 The fear of our Father is to hate evil. Pride and arrogance, the evil way, and perverse speech I hate. Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
14 Counsel is mine, and sound wisdom; I am understanding; strength is mine. Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 By me kings reign, and rulers decree what is just; Akoz mwen, wa yo vin renye; e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 by me princes govern, and nobles—all who rule with justice. Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa; tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 I love those who love me, and those who search for me find me. Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 With me are riches and honor, enduring wealth and righteousness. Richès ak lonè avèk m; richès k ap dire ak ladwati.
19 My fruit is better than gold, than the finest gold, and what I yield surpasses choice silver. Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 I walk in the way of righteousness, along the paths of justice, Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,
21 giving wealth as an inheritance to those who love me, and filling their treasuries. Pou m bay a sila ki renmen m, richès; pou m kab ranpli kès yo.
22 Our Father brought me forth at the beginning of his way, before his works of old. SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.
23 From ages past I was established, from the beginning, before the earth began. Depi nan etènite, mwen te etabli, depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
24 When there were no deep waters I was brought forth, when there were no springs overflowing with water. Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25 Before the mountains were settled, before the hills, I was brought forth, Avan mòn yo te poze, avan kolin yo, mwen te fèt;
26 while he had not yet made the earth and its fields, or the first dust of the world. pandan li potko fè tè a ak chan yo, ni premye grenn pousyè mond lan.
27 When he set the heavens in place, I was there; when he drew a circle over the face of the deep, Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28 when he set the skies in place above, when he established the springs of the deep, lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 when he set for the sea its boundary so the waters would not cross their limits, when he marked out the foundations of the earth, lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
30 then I was beside him as a master craftsman, and I was his daily delight, rejoicing before him always, Nan tan sa a, mwen te akote Li, yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen e te rejwi devan L tout tan,
31 rejoicing in his whole world, and delighting in the human family. Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
32 And now, my children, listen to me: blessed are those who keep my ways. “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 Listen to instruction and be wise; do not ignore it. Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 Blessed is the one who listens to me, watching daily at my gates, waiting beside my doorway. Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 For whoever finds me finds life and receives favor from our Father. Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 But whoever misses me harms his own soul; all who hate me love death." Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]