Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 11 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;men yon pwa ki jis se plezi Li.

2Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;men avèk moun enb lan, se sajès.

3Entegrite a moun dwat la va gide yo;men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

4Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.

5Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.

6Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.

7Lè yon nonm mechan mouri,sa li anvizaje a mouri avè l.

8Moun dwat la va delivre soti nan twoub;men mechan an va pran plas li.

9Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

10Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.

11Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.

12Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

13Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

14Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;men ak anpil konseye, gen viktwa.

15Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen,va vrèman soufri pou sa a;men sila ki rayi vin yon garanti va asire.

16Yon fanm ak gras twouve onè;e mesye san prensip yo twouve richès.

17Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li;men yon nonm mechan fè tèt li mal.

18Mechan an ranmase salè li nan koken;men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.

19Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.

20Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.

21Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;men desandan a moun dwat yo va delivre.

22Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.

23Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;men dezi a mechan an mennen jijman.

24Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

25Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

26Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.

27Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;men sila ki chache mal la,se mal la k ap vin jwenn li.

28Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

29Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.

30Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,e sila ki saj va sove nanm yo.

31Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]