Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The oracle of the wilderness of the sea. Like whirlwinds sweeping the Negev, it comes from the wilderness, a fearsome land. Pwofesi konsènan dezè lanmè a. Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan.
2 A harsh vision has been shown to me: the betrayer betrays, and the destroyer destroys. Go up, Elam! Lay siege, Media! I have put an end to all the groaning she caused. Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.
3 Therefore my body is gripped with anguish; pangs have seized me, like the pangs of a woman in labor. I am too doubled over to hear, too terrified to see. Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.
4 My heart staggers; horror overwhelms me. The twilight I longed for has turned to trembling for me. Panse mwen ap vire tounen. Gwo efryans plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin fè m tranble.
5 They set the table, they spread the rugs, they eat, they drink. Rise up, you princes! Oil the shields! Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!
6 For this is what the Sovereign Father said to me: "Go, station the watchman; let him report what he sees. Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a.
7 When he sees riders, horsemen in pairs, riders on donkeys, riders on camels, let him watch closely, very closely." Lè l wè sila ki monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.”
8 Then the watchman cried out: "A lion! Upon the watchtower, O Sovereign Father, I stand continually by day, and at my post I keep watch all through the nights." Gadyen nan rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!
9 And look—here come riders, horsemen in pairs! And he answered, "Fallen, fallen is Babylon, and all the carved images of her gods lie shattered on the ground." Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”
10 O my threshed people, child of my threshing floor, what I have heard from the Father of heaven's armies, I declare to you. O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.
11 An oracle about Dumah. Someone calls to me from Seir: "Watchman, what of the night? Watchman, what of the night?" Pwofesi konsènan Edom an. Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?”
12 The watchman says, "Morning comes, and also the night. If you would inquire, then inquire; come back again." Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
13 The oracle concerning Arabia. In Arabia's thickets you will spend the night, you Dedanite caravans. Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.
14 Bring water to the thirsty; you who live in the land of Tema, bring bread to the fugitive. Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an.
15 For they have fled from the swords—from the drawn sword, from the bent bow, and from the weight of battle. Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la.
16 For the Sovereign Father told me: "Within a year, as a hired worker counts it, all Kedar's glory ends. Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Kédar va fini;
17 The remaining archers, Kedar's warrior sons, will be few, for our Father has spoken." epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]