Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 An oracle concerning the Valley of Vision. What is the matter with you now, that you have all gone up to the rooftops, Pwofesi konsènan vale a vizyon an. Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo?
2 you town full of noise, you wild, chaotic city, you reveling town? Your dead were not killed by the sword, nor did they die in battle. Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.
3 All your rulers fled together; they were captured without a bow being drawn. All of you who were found were taken captive together, though you had fled far away. Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen.
4 So I said, "Look away from me; let me weep bitterly. Do not try to comfort me over the ruin of the daughter of my people." Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
5 For the Father of heaven's armies has a day of tumult and trampling and confusion in the Valley of Vision—walls battered down and a cry for help echoing to the mountains. Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan.
6 Elam took up the quiver with chariots and horsemen, and Kir bared their shields. Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.
7 Your choicest valleys were full of chariots, and the horsemen took their positions at the gates. Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la.
8 Our Father stripped away the defenses of Judah. And in that day you looked to the weapons in the House of the Forest, Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo.
9 and you saw how many breaches there were in the city of David. You collected the water of the lower pool, Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a.
10 and you counted the houses of Jerusalem and tore some down to fortify the wall. Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la.
11 You built a reservoir between the two walls for the water of the old pool, but you did not look to the One who made it, nor consider our Father who planned it long ago. Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
12 In that day the Father of heaven's armies called for weeping and mourning, for shaved heads and mourning clothes. Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.
13 But instead there was joy and celebration, slaughtering cattle and killing sheep, eating meat and drinking wine: "Let us eat and drink, for tomorrow we die!" Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”
14 The Father of heaven's armies has revealed this to me: "Surely this sin will not be wiped away from you until you die," says the Father of heaven's armies. Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zore m yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
15 This is what the Father of heaven's armies says: Go to this steward, Shebna, who is over the household, and say to him: Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a.
16 What are you doing here, and who gave you the right to be here, that you have cut out a tomb for yourself here—carving your grave high up on the heights, chiseling your resting place in the rock? ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”
17 Look, our Father is about to hurl you away violently, you strong man; he will seize firm hold of you. Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di,
18 He will wind you up tightly and fling you like a ball into a vast open land. There you will die, and there your splendid chariots will lie—you disgrace to your master's house. epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a.
19 I will depose you from your office, and you will be pulled down from your post. M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
20 In that day I will summon my servant Eliakim son of Hilkiah, Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a,
21 I will clothe him with your robe and fasten your sash on him, and I will hand your authority over to him. He will be a father to the people of Jerusalem and to the house of Judah. Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a.
22 I will place the key of the house of David on his shoulder; what he opens no one will shut, and what he shuts no one will open. Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li.
23 I will drive him in like a peg in a firm place, and he will become a seat of honor for his father's house. Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l.
24 They will hang on him the whole weight of his father's house—the offspring and the offshoots, every small vessel, from the bowls to all the jars. Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal.
25 In that day, declares the Father of heaven's armies, the peg driven into the firm place will give way; it will be cut down and fall, and the load hanging on it will be cut off—for our Father has spoken. “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]