Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The oracle concerning Tyre: Wail, you ships of Tarshish, for your harbor is destroyed, left without house or haven. From the land of Cyprus the news has reached them. Pwofesi konsènan Tyr a. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.
2 Be silent, you who live on the coast, you merchants of Sidon, whose messengers cross the sea. Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou.
3 Across the great waters came the grain of Shihor, the harvest of the Nile—this was her revenue; and she became the marketplace of the nations. Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.
4 Be ashamed, Sidon, for the sea has spoken, the stronghold of the sea, saying: "I have not labored nor given birth, I have not raised young men nor brought up young women." Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”
5 When the report reaches Egypt, they will writhe in anguish at the news about Tyre. Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.
6 Cross over to Tarshish; wail, you who live on the coast. Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!
7 Is this your jubilant city, whose origins go back to ancient times, whose feet carried her to settle in distant lands? Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo?
8 Who has planned this against Tyre, the bestower of crowns, whose merchants were princes, whose traders were the honored of the earth? Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?
9 The Father of heaven's armies has planned it—to defile all glorious pride, to humble all the honored of the earth. SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.
10 Flow over your land like the Nile, daughter of Tarshish; there is no harbor any longer. Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.
11 He has stretched out his hand over the sea; he has shaken the kingdoms. Our Father has given the command concerning Canaan to destroy her strongholds. Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo.
12 He said, "You will no longer rejoice, violated virgin daughter of Sidon. Arise, cross over to Cyprus; even there you will find no rest." Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
13 Look at the land of the Babylonians! This is the people who are no more; Assyria gave it over to desert creatures. They raised their siege towers, they stripped its palaces bare, they made it a ruin. Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.
14 Wail, you ships of Tarshish, for your stronghold is destroyed. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!
15 In that day Tyre will be forgotten for seventy years, like the lifetime of one king. At the end of seventy years, Tyre's fate will be like the song of the prostitute: Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a.
16 "Take a harp, go about the city, forgotten prostitute; play sweetly, sing many songs, so that you may be remembered." Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.
17 At the end of seventy years, our Father will turn his attention to Tyre, and she will return to her earnings, prostituting herself with all the kingdoms of the world across the earth. Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo.
18 But her profit and her earnings will be set apart as holy to our Father. It will not be stored up or hoarded; her profit will go to those who live before our Father, for abundant food and fine clothing. Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]