Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Look—our Father lays the earth waste and leaves it empty; he twists its surface and scatters its inhabitants. Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.
2 It will be the same for the people as for the priest, for the servant as for his master, for the maid as for her mistress, for the buyer as for the seller, for the lender as for the borrower, for the creditor as for the debtor. Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.
3 The earth will be utterly laid waste and utterly plundered, for our Father has spoken this word. Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a.
4 The earth mourns and withers; the world fades and withers; the exalted ones of the earth fade away. Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt.
5 The earth lies defiled beneath its inhabitants, for they have disobeyed the teachings, violated the statute, and broken the everlasting covenant. Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.
6 Therefore a curse devours the earth, and those who dwell in it bear their guilt; therefore the earth's inhabitants are burned away, and few people are left. Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.
7 The new wine mourns, the vine grows weak; all the merrymakers sigh. Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.
8 The joy of the tambourines is stilled, the uproar of the revelers has ceased, the joy of the lyre is stilled. Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann.
9 No longer do they drink wine with song; strong drink turns bitter to those who drink it. Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.
10 The city of chaos is shattered; every house is shut up, with no way in. Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre.
11 In the streets there is an outcry over the wine; all gladness has gone dark, the joy of the earth is driven away. Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès.
12 Only desolation is left in the city; the gate is battered to ruins. Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt.
13 For so it will be throughout the earth, among the peoples: like an olive tree beaten bare, like the grapes left behind when the harvest is done. Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.
14 They lift up their voices, they sing for joy; over the majesty of our Father they cry aloud from the west. Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a.
15 Therefore in the east give glory to our Father; on the shores of the sea, glorify the name of our Father, the God of Israel. Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.
16 From the ends of the earth we hear songs: "Glory to the Righteous One!" But I said, "I waste away, I waste away—woe to me! The treacherous betray; with treachery the treacherous betray." Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”
17 Terror and pit and snare are upon you, you who dwell on the earth! Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè.
18 Whoever flees at the sound of the terror will fall into the pit, and whoever climbs out of the pit will be caught in the snare. For the windows of heaven are opened, and the foundations of the earth tremble. Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.
19 The earth is utterly broken apart, the earth is torn apart, the earth is violently shaken. Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans.
20 The earth staggers like a drunkard, it sways like a hut; its rebellion lies heavy upon it, and it falls and will not rise again. Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò.
21 On that day our Father will punish the host of the heights in the heights, and the kings of the earth on the earth. Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo.
22 They will be herded together like prisoners into a pit; they will be locked up in a dungeon, and after many days they will be punished. Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.
23 Then the moon will be ashamed and the sun put to shame, for the Father of heaven's armies reigns on Mount Zion and in Jerusalem, and before his elders his glory shines. Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]