Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 You are my Father; I will exalt you, I will praise your name, for you have done wonderful things—plans formed long ago, faithful and sure. O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.
2 For you have turned a city into a heap of rubble, a fortified town into a ruin; the palace of foreigners is a city no more—it will never be rebuilt. Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.
3 Therefore a strong people will honor you; the city of ruthless nations will fear you. Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj .
4 For you have been a refuge to the poor, a refuge to the needy in their distress, a shelter from the storm and a shade from the heat; for the breath of the ruthless is like a storm against a wall. Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
5 Like heat in a parched land, you subdue the uproar of foreigners; as heat is subdued by the shadow of a cloud, so the song of the ruthless is silenced. Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
6 On this mountain the Father of heaven's armies will prepare for all peoples a feast of rich food, a feast of aged wine—the finest of meats and the best of well-aged wines. SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.
7 And on this mountain he will swallow up the shroud that enfolds all peoples, the veil that is spread over all nations. Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.
8 He will swallow up death forever; and the Sovereign Father will wipe away the tears from every face, and he will remove the reproach of his people from all the earth—for our Father has spoken. Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 And in that day it will be said, "Look, this is our Father; we waited for him, and he saved us. This is the Father; we waited for him—let us rejoice and be glad in his salvation." Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
10 For the hand of our Father will rest on this mountain, but Moab will be trampled down in its place, as straw is trampled down in a manure pit. Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.
11 He will spread out his hands within Moab as a swimmer spreads out his hands to swim, but he will bring down their pride along with the craftiness of their hands. L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo.
12 The high walls of your fortress he will bring down, lay low, and cast to the ground, into the dust. L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]