Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 That day this song will be sung in Judah's land: We have a strong city; he sets salvation as walls and outworks. Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.
2 Open the gates, that the righteous nation may enter—the nation that keeps faith. Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; sila ki rete fidèl la.
3 You keep him in perfect peace whose mind is fixed on you, because he trusts in you. Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Trust in our Father forever, for our Father is the everlasting Rock. Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.
5 For he has brought low the inhabitants of the height, the lofty city. He lays it low, lays it low to the ground, casts it down to the dust. Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, vil ki pa t kapab venk lan. Li te desann li ba. Li te desann li jis atè. Li te jete li nan pousyè.
6 The foot tramples it down—the feet of the poor, the steps of the needy. Pye va foule l, pye a malere a, pla pye a sila ki san sekou yo.”
7 The path of the righteous is level; you make smooth the way of the righteous. Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
8 In the path of your judgments, our Father, we wait for you; your name and your renown are the desire of our soul. Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
9 At night my soul longs for you; within me my spirit seeks you eagerly. For when your judgments reach the earth, those living in the world learn what is right. Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
10 If favor is shown to the wicked, he does not learn righteousness; in the land of uprightness he deals corruptly and does not see the majesty of our Father. Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
11 Our Father, your hand is lifted up, but they do not see it. Let them see your zeal for your people and be ashamed. Let the fire reserved for your adversaries consume them. O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
12 Our Father, you will establish peace for us, for you have indeed accomplished all our works for us. SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
13 Our Father, other lords besides you have ruled over us, but your name alone we remember. O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese.
14 They are dead, they will not live; they are departed spirits, they will not rise; for you brought destruction on them and wiped out all remembrance of them. Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm.
15 You have made the nation grow, our Father, you have made the nation grow; you are glorified; you have enlarged all the borders of the land. Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
16 Our Father, in distress they sought you; they poured out a whispered prayer when your discipline was upon them. O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.
17 Like a pregnant woman who writhes and cries out in her labor pains when she is about to give birth, so were we before you, our Father. Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
18 We were pregnant, we writhed, but we gave birth only to wind. We have brought no deliverance to the earth, and the inhabitants of the world have not been born. Nou te ansent, nou te vire kò, men nou pa t bay nesans a plis ke van. Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, ni pitit mond yo pa t tonbe.
19 Your dead will live; their bodies will rise. Awake and sing for joy, you who dwell in the dust! For your dew is the dew of dawn light, and the earth will give birth to the departed spirits. Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
20 Come, my people, enter your rooms and shut your doors behind you; hide yourselves for a little while until the wrath has passed by. Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
21 For look, our Father is coming out from his place to punish the people of the earth for their sins, and the earth will disclose the blood shed upon it and will no longer cover those slain in it. Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]