Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Ephraim feeds on the wind and chases the east wind all day long; they pile up lies and violence. They make a treaty with Assyria, and their oil is carried off to Egypt. Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.
2 Our Father has a lawsuit with Judah, and he will hold Jacob accountable for his ways; according to his deeds he will repay him. Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3 In the womb he grasped his brother's heel, and in his strength he wrestled with our Father. Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
4 He wrestled with the messenger and prevailed; he wept and begged for his favor. At Bethel he found him, and there he spoke with us. Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5 The Father of heaven's armies—our Father is the name by which he is remembered. Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, SENYÈ a se non Li!
6 So you—return to your Father; hold fast to covenant love and justice, and wait for your Father continually. Pou sa, retounen kote Bondye ou a, Swiv ladousè ak lajistis, e tann Bondye ou a tout tan.
7 A merchant with dishonest scales in his hand—he loves to oppress. Men yon machann, ak fo balans lan nan men l. Li renmen twonpe moun.
8 Ephraim says, "Ah, but I have grown rich; I have found wealth for myself. In all my labors, they will find no guilt in me—nothing that is truly sin." Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”
9 "But I am your Father, who brought you out from the land of Egypt; I will again make you live in tents, as in the days of the appointed feast. Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò, tankou nan jou fèt deziye yo.
10 I spoke to the prophets; it was I who multiplied visions, and through the prophets I gave parables." Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo e mwen te miltipliye vizyon yo; epi selon ministè pwofèt yo, mwen te sèvi parabòl.
11 If Gilead is wickedness, they have come to nothing; in Gilgal they sacrifice bulls—their altars too are like heaps of stones on the furrows of a field. Èske gen inikite nan Galaad? Anverite, yo tout san valè. Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Jacob fled to the country of Aram; there Israel served for a wife, and for a wife he tended sheep. Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 By a prophet our Father brought Israel up out of Egypt, and by a prophet he was guarded. Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Ephraim has stirred up bitter provocation; so his Sovereign Father will leave his bloodguilt upon him and repay him for his contempt. Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li, e fè repwòch li tounen sou li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]