Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Ephraim spoke, there was trembling; he was exalted in Israel. But he became guilty through Baal, and he died. Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
2 And now they sin more and more, making molded idols for themselves—silver images shaped by their own skill, all of them the work of craftsmen. To these they say, "Let those who sacrifice kiss the calves!" Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”
3 Therefore they will be like the morning mist, like the dew that fades early away, like chaff swirling from the threshing floor, and like smoke from a window. Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.
4 But I am your Father, who brought you from the land of Egypt; you acknowledge no Father but me, and besides me there is no savior. Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, depi nan peyi Égypte la; epi ou pa pou konnen okenn dye sof ke Mwen; paske nanpwen sovè sof ke Mwen.
5 It was I who knew you in the wilderness, in the land of burning drought. Mwen te pran swen ou nan dezè a, nan peyi sechrès la.
6 When I fed them they were satisfied; they were satisfied, and their heart grew proud; therefore they forgot me. Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè; yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye. Konsa, yo te bliye Mwen.
7 So I have become like a lion to them; like a leopard I lurk beside the road. Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo. Kon yon leyopa, Mwen va kouche an kachèt bò chemen an.
8 I will fall upon them like a bear robbed of her cubs; I will tear open the covering of their heart. There I will devour them like a lion, as a wild beast would rip them apart. Mwen va rankontre yo kon yon lous ki fenk fin pèdi pitit li, e mwen va chire lestomak yo nèt. Sou plas, Mwen va devore yo tankou yon manman lyon, jan yon bèt sovaj ta chire yo.
9 Israel, you bring destruction on yourself by being against me—against your helper. Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.
10 Where now is your king, that he may save you in all your cities? Where are your rulers, of whom you said, "Give me a king and princes"? Kote wa ou a koulye a, pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo? Ak jij ke ou te mande yo: “Ban mwen yon wa ak prens yo”?
11 I gave you a king in my anger, and in my wrath I took him away. Mwen te bay ou yon wa nan kòlè Mwen, e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12 The guilt of Ephraim is sealed away; his sin is stored up. Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt; peche li vin mete nan depo.
13 The pangs of childbirth come for him, but he is an unwise son; for when the time arrives, he does not come out at the opening of the womb. Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant ki ouvri e k ap tann li soti a.
14 From the power of the grave I will ransom them; from death I will redeem them. Where, O Death, are your plagues? Where, O the grave, is your destruction? Relenting is hidden from my eyes. Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.
15 Though he flourishes among the reeds, an east wind will come—a wind of our Father rising from the wilderness. His spring will fail and his fountain run dry; the east wind will plunder his treasury of every precious thing. Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16 Samaria will bear her guilt, because she has rebelled against her Father. They will fall by the sword; their little ones will be dashed to pieces, and their pregnant women ripped open. Samarie va pote koupabilite li, paske li te fè rebèl kont Bondye li a. Yo va tonbe pa nepe. Timoun piti yo va vin kraze an mòso, epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]