Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Israel was a child, I loved him, and out of Egypt I called my son. Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.
2 The more they were called, the more they turned away; they kept sacrificing to the Baals and burning incense to carved images. Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo, e brile lansan bay zidòl yo.
3 Yet it was I who taught Ephraim to walk, taking them up by their arms; but they did not know that I healed them. Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm jan pou l mache. Nan bra M, Mwen te pran yo; men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
4 I led them with cords of kindness, with bands of love; I was like one who lifts the yoke from their jaws, and I bent down to feed them. Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo.
5 They will not return to the land of Egypt, but Assyria will be their king, because they refused to return. Yo p ap retounen nan peyi Égypte, men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te refize retounen kote Mwen.
6 The sword will whirl against their cities, consume the bars of their gates, and devour them because of their own schemes. Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt.
7 My people are bent on turning away from me; though they call to the Most High, he will not raise them up at all. Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, anverite, yo p ap egzalte.
8 How can I give you up, Ephraim? How can I hand you over, Israel? How can I make you like Admah? How can I treat you like Zeboiim? My heart recoils within me; my compassion grows warm and tender. Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.
9 I will not act on my fierce anger; I will not again destroy Ephraim. For I am your Father and not a man, the Holy One in your midst, and I will not come in wrath. Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.
10 They will follow our Father; he will roar like a lion. When he roars, his children will come trembling from the west. Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.
11 They will come trembling like birds from Egypt, like doves from the land of Assyria, and I will settle them in their homes, declares our Father. Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie; epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.
12 Ephraim has surrounded me with lies, and the house of Israel with deceit; but Judah still walks with our Father, and is faithful to the Holy One. Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]