Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 11 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

2Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,e brile lansan bay zidòl yo.

3Malgre sa, se te Mwenki te montre Éphraïm jan pou l mache.Nan bra M, Mwen te pran yo;men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

4Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,ak lyann lanmou.Konsa, Mwen te vini pou yokon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.Mwen te bese mete manje devan yo.

5Yo p ap retounen nan peyi Égypte,men Wa Assyrie a va vin wa yo,akoz yo te refize retounen kote Mwen.

6Nepe va tonbe kont vil yo,pou kraze pòtay ak fè fòje yo,e li va fè tout plan yo disparèt.

7Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen.Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,anverite, yo p ap egzalte.

8Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm?Kè M vire nèt anndan M;konpasyon Mwen vin anflame.

9Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen;Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;Sila Ki Sen nan mitan nou ane Mwen p ap antre nan kòlè.

10Yo va mache dèyè SENYÈ a,Li va gwonde kon yon lyon;Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,ap tranble soti nan lwès.

11Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie;epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.

12Éphraïm antoure Mwen ak manti,e lakay Israël ak desepsyon.Men anplis, Juda toujou egare,kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]