Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zephaniah 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Gather together, gather yourselves, you shameless nation, Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ki pa gen wont,
2 before the decree gives birth—the day passes like chaff—before the burning anger of our Father comes upon you, before the day of our Father's anger comes upon you. avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou.
3 Seek our Father, all you humble of the land, who carry out his justice; seek righteousness, seek humility. Perhaps you will be hidden on the day of our Father's anger. Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
4 For Gaza will be abandoned, and Ashkelon a desolation; Ashdod will be driven out at noon, and Ekron uprooted. Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e Ékron va vin dechouke.
5 Woe to you who live by the sea, nation of the Cherethites! The word of our Father is against you, Canaan, land of the Philistines: "I will destroy you until no inhabitant is left." Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò.
6 And the seacoast will become pastures, with meadows for shepherds and folds for flocks. Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.
7 The coast will belong to the remnant of the house of Judah; there they will graze, and in the houses of Ashkelon they will lie down at evening. For our Father will watch over them and restore their fortunes. Epi kot lanmè a va apatyen a retay lakay Juda a. Yo va fè patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo.
8 I have heard the taunts of Moab and the insults of the Ammonites, with which they taunted my people and boasted over their land. Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a.
9 Therefore, as I live, declares the Father of heaven's armies, our Father of Israel, Moab will become like Sodom, and the Ammonites like Gomorrah—a land of nettles and salt pits, a waste forever. The remnant of my people will plunder them, and the survivors of my nation will possess them. Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.”
10 "This is what they will get for their pride, because they taunted and boasted against the people of the Father of heaven's armies. Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo.
11 Our Father will be fearsome to them, for he will starve all the gods of the earth; and all the coastlands of the nations will bow down to him, each from its own place." SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
12 You Cushites too will be slain by my sword. Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
13 And he will stretch out his hand against the north and destroy Assyria, and he will make Nineveh a desolation, dry as the desert. Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.
14 Flocks will lie down in her midst, all kinds of wild animals; both the owl and the hedgehog will lodge on her pillar tops. A voice will sing in the windows, rubble on the threshold, for the cedar work is laid bare. Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo.
15 This is the carefree city that lived securely, that said in her heart, "I am, and there is no one besides me." What a ruin she has become, a lair for wild animals! Everyone who passes by her hisses and shakes his fist. Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]