Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zephaniah 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to this rebellious, defiled city—the oppressor! Malè a sila ki fè rebèl e ki vin souye a; vil k ap oprime tout!
2 She listens to no voice; she accepts no correction. She does not trust in our Father; she does not draw near to her Father. Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
3 Her officials within her are roaring lions; her judges are evening wolves that devour everything before morning. Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.
4 Her prophets are reckless, treacherous men; her priests profane what is holy and twist the law. Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.
5 Our Father in her midst is righteous; he does no wrong. Morning by morning he brings his justice to light; it never fails. But the unjust knows no shame. SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
6 "I have cut off nations; their corner towers are desolate. I have laid waste their streets so that no one passes through; their cities are ruined, with no one left—no inhabitant at all." Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo.
7 I said, 'Surely you will fear me; you will accept correction,' so that her dwelling would not be cut off according to all that I had appointed against her. But still they rose early to corrupt all their deeds. Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
8 "So wait for me,' our Father declares, 'until the day I rise as a witness. For my decision is to gather the nations, to assemble kingdoms, to pour my indignation on them, all my burning anger; for the fire of my jealousy will consume the whole earth.' “Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
9 "For then I will give the peoples purified lips, that they may all call upon my name and serve me shoulder to shoulder. Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl.
10 From beyond the rivers of Cush my worshipers, my scattered children, will bring my offering. Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin pote ofrann ban Mwen.
11 On that day you will not be ashamed of all the deeds by which you rebelled against me; for then I will remove from your midst your proud and boastful ones, and never again will you be arrogant on my holy mountain. Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.
12 But I will leave in your midst a people humble and lowly, and they will take refuge in my name. Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.
13 The remnant of Israel will do no wrong and speak no lies, and no deceitful tongue will be found in their mouths. For they will graze and lie down, and no one will make them afraid." Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
14 Sing aloud, daughter of Zion; shout, Israel! Rejoice and shout for joy with all your heart, daughter of Jerusalem! Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan!
15 Our Father has taken away the judgments against you; he has cleared away your enemy. The King of Israel, our Father, is in your midst; never again will you fear harm. SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò.
16 On that day it will be said to Jerusalem: "Do not fear, O Zion; do not let your hands grow weak. Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb.
17 Your Father is in your midst, a mighty warrior who saves. He will rejoice over you with gladness; he will quiet you by his love; he will exult over you with loud singing." SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
18 I will gather those of yours who mourn—those kept away from the appointed feasts—for they have been a reproach and a burden upon Jerusalem. Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou.
19 At that time I will deal with all who oppress you. I will save the lame and gather the outcast, and I will turn their shame into praise and renown in all the earth. Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.
20 At that time I will bring you home; at that time I will gather you together. For I will make you renowned and praised among all the peoples of the earth, when I restore your fortunes before your very eyes, says our Father. Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]