Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zephaniah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to Zephaniah son of Cushi, son of Gedaliah, son of Amariah, son of Hezekiah, when Josiah son of Amon ruled Judah. Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2 "I will utterly sweep away everything from the face of the earth,' declares our Father. “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.
3 "I will sweep away man and beast; I will sweep away the birds of the sky and the fish of the sea, and the rubble of idols along with the wicked. I will cut off humanity from the face of the earth,' declares our Father. Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a.
4 'I will stretch out my hand against Judah and against all who live in Jerusalem. I will cut off from this place every remnant of Baal, the name of the idolatrous priests along with the priests, Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo,
5 those who bow down on the rooftops to the starry host, those who bow down and swear by our Father and yet swear by Milcom, sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom,
6 and those who turn back from following our Father, who do not seek our Father or inquire of him." sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 Be silent before the Sovereign Father! For the day of our Father is near; he has prepared a sacrifice and consecrated his guests. Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo.
8 "On the day of our Father's sacrifice I will punish the officials and the king's sons and all who array themselves in foreign attire. Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak vètman etranje yo.
9 On that day I will punish all who leap over the threshold, who fill their master's house with violence and deceit. Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.
10 On that day,' declares our Father, 'a cry will go up from the Fish Gate, a wail from the Second Quarter, and a loud crash from the hills. Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo.
11 Wail, you who live in the Mortar! For all the merchants are silenced; all who weigh out silver are cut off.'" Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt.
12 At that time I will search Jerusalem with lamps and punish the men who are settled like wine on its dregs, who say in their hearts, "God will do nothing—neither good nor harm. Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”
13 Their wealth will be plundered and their houses laid waste. They will build houses but not live in them; they will plant vineyards but not drink their wine." Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 The great day of our Father is near—near and coming fast. Listen! The day of our Father is bitter; there the mighty warrior cries out. Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.
15 That day is a day of wrath, a day of distress and anguish, a day of ruin and devastation, a day of darkness and gloom, a day of clouds and thick darkness, Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a.
16 a day of trumpet blast and battle cry against the fortified cities and against the lofty corner towers. Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo.
17 "I will bring such distress on people that they will grope about like the blind, because they have sinned against our Father. Their blood will be poured out like dust and their flesh like manure. Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.
18 Neither their silver nor their gold will be able to save them on the day of our Father's wrath. In the fire of his jealousy the whole earth will be consumed, for he will bring a sudden end to everyone on earth." Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]