Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I will give thanks to you, my Father, with all my heart; I will recount all your wonderful deeds. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
2 I will be glad and rejoice in you; I will sing praise to your name, O Most High. Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
3 When my enemies turn back, they stumble and perish before you. Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
4 For you have upheld my right and my cause; you have sat on the throne as a righteous judge. Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
5 You have rebuked the nations; you have destroyed the wicked; you have blotted out their name forever and ever. Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
6 The enemy is finished, in everlasting ruins; you have uprooted their cities; the very memory of them has perished. Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
7 But our Father sits enthroned forever; he has established his throne for justice. Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.
8 And he judges the world with righteousness; he governs the peoples with justice. Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
9 Our Father is a refuge for the oppressed, a stronghold in times of trouble. SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Those who know your name trust in you, for you, our Father, have never abandoned those who seek you. Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.
11 Sing praises to our Father, who lives in Zion! Proclaim his deeds among the peoples! Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.
12 For he who avenges blood remembers the afflicted; he does not forget their cry. Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.
13 Be gracious to me, my Father! See my affliction at the hands of those who hate me, you who lift me up from the gates of death, Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
14 that I may declare all your praises in the gates of Daughter Zion, and rejoice in your salvation. pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
15 The nations have sunk into the pit they made; their own feet are caught in the net they hid. Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
16 Our Father has made himself known; he has executed justice; the wicked is snared by the work of his own hands. Higgaion. Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
17 The wicked return to the grave, all the nations who forget our Father. Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
18 For the needy will not always be forgotten, nor the hope of the afflicted perish forever. Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
19 Arise, our Father! Do not let mortals prevail; let the nations be judged before you. Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.
20 Strike them with terror, our Father; let the nations know they are only mortal. Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]