Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 O our Father, in your strength the king rejoices; in your salvation how greatly he exults! O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2 You have given him his heart's desire and have not withheld what his lips asked of you. Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3 For you came to meet him with rich blessings; you set a crown of pure gold on his head. Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
4 He asked you for life, and you gave it to him—length of days forever and ever. Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.
5 His glory is great through your salvation; you bestow splendor and majesty on him. Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 Surely you have granted him unending blessings and made him glad with the joy of your presence. Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
7 For the king trusts in our Father; through the unfailing love of the Most High, our Father, he will not be shaken. Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm.
8 Your hand will capture all your enemies; your right hand will seize those who hate you. Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
9 When you appear you will make them like a blazing furnace. Our Father will swallow them up in his wrath, and his fire will consume them. Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.
10 You will destroy their offspring from the earth, their children from among the human race. Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
11 Though they plot evil against you and devise a scheme, they cannot succeed. Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.
12 For you will make them turn their backs when you aim your arrows at their faces. Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.
13 Be exalted, O our Father, in your strength! We will sing and praise your power. Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]