Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My God, my God, why have you forsaken me? Why are you so far from saving me, so far from my groans of anguish? Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 My Father, I cry out by day, but you do not answer; by night, but I find no rest. O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Yet you are holy, enthroned on the praises of Israel. Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.
4 In you our ancestors trusted; they trusted, and you delivered them. Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. Yo te mete konfyans yo nan Ou, e Ou te delivre yo.
5 To you they cried and were rescued; in you they trusted and were not ashamed. A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6 But I am a worm and not a man, scorned by mankind and despised by the people. Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.
7 All who see me mock me; they hurl insults, shaking their heads: Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:
8 He trusts in God; let God rescue him. Let our Father deliver him, since our Father delights in him. Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Yet you brought me out of the womb; you made me trust at my mother's breast. Sepandan, Ou menm se Sila ki te fè m sòti nan vant manman m nan. Ou te fè m gen konfyans depi m t ap souse tete manman m.
10 From birth I was entrusted to you; from my mother's womb you have been my Father. Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 Do not be far from me, for trouble is near and there is no one to help. Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Many bulls surround me; strong bulls of Bashan encircle me. Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.
13 Like roaring lions tearing their prey, they open their mouths wide against me. Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.
14 I am poured out like water, and all my bones are out of joint. My heart has turned to wax; it melts within me. Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.
15 My strength is dried up like sun-baked clay, and my tongue sticks to the roof of my mouth; you lay me in the dust of death. Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Dogs surround me; a band of evildoers encircles me; they have pierced my hands and feet. Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.
17 I can count all my bones; people stare and gloat over me. Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18 They divide my garments among them and throw dice for my clothing. Yo divize rad mwen pami yo. Pou vètman m, yo tire osò.
19 But you, my Father, do not be far off; you are my strength—come quickly to help me. Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
20 Deliver my life from the sword, my precious life from the power of the dogs. Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Rescue me from the mouth of the lion; from the horns of the wild oxen you have answered me. Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.
22 I will declare your name to my brothers; in the assembly I will praise you. Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 You who fear our Father, praise him! All you descendants of Jacob, honor him! Stand in awe of him, all you offspring of Israel! Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo.
24 For he has not despised or scorned the suffering of the afflicted one; he has not hidden his face from him but has listened to his cry for help. Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
25 From you comes my praise in the great assembly; before those who fear him I will fulfill my vows. Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
26 The afflicted will eat and be satisfied; those who seek our Father will praise him—may your hearts live forever! Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 All the ends of the earth will remember and turn to our Father, and all the families of the nations will bow down before him. Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.
28 For kingship belongs to our Father, and he rules over the nations. Paske wayòm nan se pou SENYÈ a, e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 All the rich of the earth will feast and worship; all who go down to the dust will kneel before him—those who cannot keep themselves alive. Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Offspring will serve him; future generations will be told about the Sovereign Father. Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an.
31 They will come and proclaim his righteousness to a people yet unborn—for our Father has done this. Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]