Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 145 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I will exalt you, my Father, my King, and I will bless your name forever and ever. Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 Every day I will bless you, and I will praise your name forever and ever. Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3 Great is our Father, and most worthy of praise; his greatness no one can fathom. Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4 One generation will commend your works to another, and will declare your mighty acts. Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5 I will meditate on the glorious splendor of your majesty and on your wonderful works. Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.
6 They will tell of the power of your awesome deeds, and I will proclaim your greatness. Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.
7 They will overflow with the fame of your abundant goodness, and joyfully sing of your righteousness. Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8 Our Father is gracious and full of compassion, slow to anger and great in covenant love. SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 Our Father is good to all, and his heart of compassion rests over all that he has made. SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 All your works will give you thanks, our Father, and your faithful ones will bless you. Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 They will speak of the glory of your kingdom and tell of your power, Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 to make known your mighty deeds to the children of mankind, and the glorious splendor of your kingdom. Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an.
13 Your kingdom is an everlasting kingdom, and your dominion endures through all generations. Our Father is faithful in all his words and gracious in all his works. Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 Our Father upholds all who are falling, and raises up all who are bowed down. SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 The eyes of all look to you, and you give them their food in its season. Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 You open your hand and satisfy the desire of every living thing. Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout sila k ap viv yo.
17 Our Father is righteous in all his ways and faithful in all his works. Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 Our Father is near to all who call on him, to all who call on him in truth. SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo, tout sila ki rele li ak verite yo.
19 He fulfills the desire of those who fear him; he hears their cry and saves them. Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 Our Father watches over all who love him, but all the wicked he will destroy. SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi
21 My mouth will speak the praise of our Father; let every living thing bless his holy name forever and ever. Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]