Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this Job opened his mouth and cursed the day of his birth. Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.
2 He said: Job te di:
3 "Let the day I was born perish, and the night that said, 'A boy is conceived.' “Kite jou ke m te dwe fèt la peri, ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
4 That day—let it be darkness! May God above not seek it, nor let light shine upon it. Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. Pa kite Bondye anwo a pran swen li, ni limyè vin klere sou li.
5 Let darkness and deep shadow claim it; let a cloud settle over it; let the blackness of the day terrify it. Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li.
6 That night—let thick darkness seize it; let it not rejoice among the days of the year, nor be counted among the months. Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
7 Yes, let that night be barren; let no joyful cry come into it. Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
8 Let those who curse days curse it—those ready to rouse Leviathan. Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.
9 Let the stars of its dawn be dark; let it hope for light and find none, and never see the first rays of morning, Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt,
10 because it did not shut the doors of my mother's womb, nor hide trouble from my eyes. akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, ni kache twoub devan zye m.
11 Why did I not die at birth, come from the womb and breathe my last? “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?
12 Why were there knees to receive me, or breasts for me to nurse? Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13 For now I would be lying down in quiet; I would be asleep and at rest, Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14 with kings and counselors of the earth who built ruins for themselves, ansanm ak wa ak konseye latè ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15 or with princes who had gold, who filled their houses with silver. oswa avèk prens ki te gen lò yo, ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16 Or why was I not a buried stillborn child, like infants who never saw the light? Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17 There the wicked cease from raging, and there the weary are at rest. La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo.
18 Together the captives are at ease; they no longer hear the slave driver's voice. Prizonye yo alèz ansanm. Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19 The small and the great are there alike, and the slave is free from his master. Ni piti, ni gran yo la. E esklav la lib de mèt li.
20 Why is light given to one in misery, and life to the bitter in soul, “Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,
21 who long for death that does not come, and dig for it more than for hidden treasure, ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22 who leap for joy and are glad when they find the grave? ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23 Why is light given to a man whose way is hidden, whom God has hedged in? Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a?
24 For my sighing comes before my bread, and my groans pour out like water. Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25 For the thing I dreaded has come upon me, and what I feared has overtaken me. Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26 I have no ease, no quiet, no rest—only turmoil." Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. Mwen pa jwenn repo, ni m pa kal, men se boulvèsman ki vin parèt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]