Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Eliphaz the Temanite answered: Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
2 "If someone ventures a word with you, will you grow weary? Yet who can hold back from speaking? Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, èske ou va pèdi pasyans? Men se kilès ki kab refize pale?
3 Look, you have instructed many, and you have strengthened weak hands. Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun; ou te ranfòse menm fèb yo.
4 Your words have lifted up the one stumbling, and you have made firm the buckling knees. Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5 But now it comes to you, and you are weary; it touches you, and you are dismayed. Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6 Is not your fear of God your confidence, and the integrity of your ways your hope? Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou, ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7 Remember now: who, being innocent, ever perished? Where were the upright ever destroyed? “Sonje byen se kilès ki kon peri inosan? Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8 As I have seen, those who plow wrongdoing and sow trouble reap the same. Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 By the breath of God they perish, and by the blast of his anger they are consumed. Pa souf Bondye, yo peri, e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 The roar of the lion, the voice of the fierce lion, the teeth of the young lions—they are broken. Gwo vwa a lyon fewòs la, vwa fewòs a lyon an, e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 The strong lion perishes for lack of prey, and the cubs of the lioness are scattered. Pi gran lyon an peri paske li manke manje, e pitit li yo vin gaye.
12 Now a word was brought to me in secret; my ear caught a whisper of it. “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen; zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
13 Amid troubling thoughts from visions of the night, when deep sleep falls on people, Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 dread came upon me, and trembling, and it made all my bones shake. laperèz te vini sou mwen. Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 A spirit glided past my face; the hair on my body stood on end. Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen; plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 It stood still, but I could not make out its shape. A form was before my eyes; there was silence, then I heard a voice: Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li. Yon fòm te devan zye m. Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Can a mortal be righteous before God? Can a man be pure before his Maker? 'Èske lòm kapab jis devan Bondye? Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Look, he puts no trust in his servants, and he charges his angels with error; Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans; ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 how much more those who dwell in houses of clay, whose foundation is in the dust, who are crushed like a moth. Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!
20 Between morning and evening they are shattered; unnoticed, they perish forever. Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Is not their tent-cord pulled up within them? They die without ever gaining wisdom.'" Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan? Yo mouri konsa, san sajès.'
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]