Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Again there came a day when the members of the heavenly court came to present themselves before our Father, and the accuser also came among them to present himself before him. Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a.
2 Our Father said to the accuser, "Where have you come from?" The accuser answered him, "From roaming the earth and walking back and forth across it." SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?” Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
3 Our Father said to the accuser, "Have you considered my servant Job? There is no one like him on the earth—a blameless and upright man, who fears God and turns away from evil. He still holds fast to his integrity, though you incited me against him to destroy him without cause." SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
4 The accuser answered our Father, "Skin for skin! A man will give all that he has for his own life. Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.
5 But stretch out your hand now and strike his bone and his flesh, and he will surely curse you to your face." Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
6 Our Father said to the accuser, "Very well, he is in your hand; only spare his life." Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
7 So the accuser left our Father's presence and struck Job with painful sores from the soles of his feet to the top of his head. Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li.
8 And Job took a piece of broken pottery to scrape himself as he sat among the ashes. Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo.
9 Then his wife said to him, "Do you still hold fast to your integrity? Curse God and die!" Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
10 But he said to her, "You're talking like a foolish woman. Should we receive good from God and not receive trouble?" In all this Job did not sin with his lips. Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
11 When Job's three friends heard of all this trouble that had come upon him, they came, each from his own home—Eliphaz the Temanite, Bildad the Shuhite, and Zophar the Naamathite. They agreed to come and show him sympathy and comfort him. Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò.
12 When they saw him from a distance, they did not recognize him. They raised their voices and wept, and each tore his robe and threw dust over his head toward heaven. Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la.
13 They sat with him on the ground seven days and seven nights, and no one spoke a word to him, for they saw that his suffering was very great. Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]