Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There was a man in the land of Uz whose name was Job, and that man was blameless and upright, one who feared God and turned away from evil. Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
2 Seven sons and three daughters were born to him. Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm.
3 He owned 7,000 sheep, 3,000 camels, 500 teams of oxen, and 500 female donkeys, with a very large household of servants, so that this man was the greatest of all the people of the east. Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.
4 His sons would go and hold a feast in the house of each one on his day, and they would send for their three sisters and invite them to eat and drink with them. Fis li yo te konn ale fè yon fèt lakay a yo chak, selon jou fèt pa li a, e yo te konn envite twa sè yo pou manje e bwè avèk yo.
5 When the days of feasting had run their course, Job would send for them and consecrate them, rising early in the morning to offer burnt offerings for each of them. For Job thought, "It may be that my children have sinned and cursed God in their hearts." This is what Job always did. Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
6 Now there was a day when the members of the heavenly court came to present themselves before our Father, and Satan also came among them. Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo.
7 Our Father said to Satan, "Where have you come from?" Satan answered our Father, "From roaming the earth and walking back and forth across it." SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?” Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”
8 Our Father said to Satan, "Have you considered my servant Job? There is no one like him on the earth—a blameless and upright man who fears God and turns away from evil." SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”
9 Satan answered our Father, "Does Job fear God for nothing? Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi?
10 Have you not put a hedge around him and his household and everything he has, on every side? You have blessed the work of his hands, and his possessions have spread out across the land. Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.
11 But stretch out your hand and strike everything he has, and surely he will curse you to your face." Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”
12 Our Father said to Satan, "Very well—everything he has is in your power. Only do not lay a hand on the man himself." So Satan went out from the presence of our Father. SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.” Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a.
13 Now there was a day when Job's sons and daughters were eating and drinking wine in the house of their oldest brother, Alò, nan jou ke fis li avèk fi li yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
14 and a messenger came to Job and said, "The oxen were plowing and the donkeys were grazing beside them, yon mesaje te rive kote Job. Li te di: “Bèf yo t ap raboure, e bourik yo t ap manje akote yo,
15 when the Sabeans attacked and carried them off, and they struck down the servants with the edge of the sword. I am the only one who escaped to tell you." men konsa, Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”
16 While he was still speaking, another came and said, "The fire of God fell from heaven and burned up the sheep and the servants and consumed them. I am the only one who escaped to tell you." Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”
17 While he was still speaking, another came and said, "The Babylonians formed three raiding parties, swept down on the camels and carried them off, and they struck down the servants with the edge of the sword. I am the only one who escaped to tell you." Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”
18 While he was still speaking, another came and said, "Your sons and daughters were eating and drinking wine in the house of their oldest brother, Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Fis ou yo avèk fi ou yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
19 when suddenly a great wind swept in from across the wilderness and struck the four corners of the house. It collapsed on the young people, and they are dead. I am the only one who escaped to tell you." epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”
20 Then Job arose, tore his robe, shaved his head, and fell to the ground and worshiped. Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
21 He said, "Naked I came from my mother's womb, and naked I will return. Our Father gave, and he has taken away; blessed be his name." Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”
22 In all this Job did not sin or charge God with wrongdoing. Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]