Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 62 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silanse pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyèe sali li tankou yon tòch k ap brile.

2Nasyon yo va wè ladwati oue tout wa yo glwa ou.Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.

3Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.

4Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”.Paske SENYÈ a pran plezi nan oue a Li menm, peyi ou va marye.

5Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,konsa fis ou yo va marye avèk ou;epi menm jan jennonm maryaj laap rejwi ak jenn fi maryaj la,konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.

6Sou miray ou yo, O Jérusalem,Mwen te plase gadyen yo.Tout lajounen ak tout lannwit,yo p ap janm rete an silans.Nou menm ki raple SENYÈ a,pa pran repo pou tèt nou;

7ni pa bay Li repo jiskaske Li etablie fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.

8SENYÈ a te sèmante pa men dwat Lie pa men pwisan Li:“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankòkon manje pou lènmi ou yo;ni etranje yo p ap janm bwè diven nèfpou sila ou te depanse fòs ou a.”

9Men sila ki ranmase li,se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakousanktiyè pa Mwen an.

10Antre ladann, antre nan pòtay yo!Netwaye chemen an pou pèp la!Bati, bati chemen an!Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.

11Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:“Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive!Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”

12Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,Yon Vil Ki Pa Abandone.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]