Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 62 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 For Zion's sake I will not keep silent, and for Jerusalem's sake I will not rest, until her righteousness shines out like the dawn, and her salvation like a blazing torch. Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè e sali li tankou yon tòch k ap brile.
2 The nations will see your righteousness, and all kings your glory; and you will be called by a new name that our Father himself will give you. Nasyon yo va wè ladwati ou e tout wa yo glwa ou. Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
3 You will be a crown of beauty in the hand of our Father, a royal crown in the hand of our Father. Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a , e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
4 No longer will they call you Forsaken, nor name your land Desolate; but you will be called Hephzibah—My Delight Is in Her—and your land Beulah—Married; for our Father's heart delights in you, and your land will be married. Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.
5 For as a young man marries a young woman, so will your sons marry you; and as a bridegroom rejoices over his bride, so will your Father rejoice over you. Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj, konsa fis ou yo va marye avèk ou; epi menm jan jennonm maryaj la ap rejwi ak jenn fi maryaj la, konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.
6 On your walls, Jerusalem, I have posted watchmen; all day and all night they will never be silent. You who remind our Father, give yourselves no rest, Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;
7 and give him no rest until he establishes Jerusalem and makes her praised throughout the earth. ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
8 By his right hand Our Father has sworn, and by the arm of his strength: "Never again will I hand your grain to your enemies as food, nor will foreigners drink the new wine you toiled for; SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li e pa men pwisan Li: “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò kon manje pou lènmi ou yo; ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9 but those who harvest it will eat it and praise our Father, and those who gather it will drink it in the courts of my sanctuary." Men sila ki ranmase li, se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a. Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou sanktiyè pa Mwen an.
10 Pass through, pass through the gates! Prepare the way for the people. Build up, build up the highway; clear away the stones; raise a banner over the peoples. Antre ladann, antre nan pòtay yo! Netwaye chemen an pou pèp la! Bati, bati chemen an! Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
11 Look, our Father has proclaimed to the ends of the earth: Say to daughter Zion, "Look, your salvation is coming; look, his reward is with him, and his payment before him." Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a: “Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive! Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”
12 And they will be called The Holy People, The Redeemed of our Father; and you will be called Sought Out, A City Not Forsaken. Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]