Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 63 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Who is this coming from Edom, in crimson-stained garments from Bozrah, this one majestic in his apparel, striding in his great strength? "It is I, proclaiming righteousness, mighty to save." Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”
2 Why is your apparel red, and your garments like one who treads in the winepress? Poukisa abiman Ou wouj e vètman Ou tankou sila k ap mache nan kivèt diven an?
3 "I have trodden the winepress alone, and from the peoples no one was with me; I crushed them in my anger and trampled them in my wrath; their lifeblood splattered on my garments, and I stained all my apparel. “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an. Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.
4 For the day of reckoning was in my heart, and the year of my redeemed had come. Paske jou vanjans lan te nan kè M; e ane racha a M yo rive.
5 I looked, but there was no one to help; I was appalled that no one upheld me; so my own arm brought me salvation, and my wrath upheld me. Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.
6 I trampled the peoples in my anger; I made them drunk in my wrath, and I poured out their lifeblood on the ground." Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
7 I will tell of the covenant love of our Father, the praises of him, according to all that he has done for us, and the great goodness he has shown to the house of Israel, according to his compassion, according to his abundant covenant love. Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a, ak lwanj SENYÈ a. Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, selon labondans konpasyon li, epi selon gran mizerikòd Li.
8 For he said, "Surely they are my people, children who will not be false." And he became their Savior. Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.
9 In all their affliction he was afflicted, and the messenger of his presence saved them; in his love and in his compassion he redeemed them; he lifted them up and carried them all the days of old. Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.
10 But they rebelled and grieved his Holy Spirit; so he turned and became their enemy, and he himself fought against them. Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.
11 Then he recalled the days of old, of Moses and of his people. Where is the one who led them up from the sea, with his flock's shepherds? Where is the one who placed his Holy Spirit among them, Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”
12 who stretched out his glorious arm at the right hand of Moses, who divided the waters before them to make for himself an everlasting name, Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?
13 who led them through the depths? Like a horse in the wilderness, they did not stumble. Ki te mennen yo atravè fon yo tankou cheval nan dezè a, pou yo pa chape tonbe?
14 Like livestock that go down into the valley, the Spirit of our Father gave them rest. So you led your people, to make for yourself a glorious name. Tankou bèt ki te desann nan vale yo, Lespri SENYÈ a te bay yo repo. Konsa, Ou te mennen pèp Ou a pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.
15 Look down from heaven and see, from your holy and glorious dwelling. Where are your zeal and your mighty deeds? The stirring of your heart and your compassion are held back from me. Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.
16 For you are our Father, though Abraham does not know us and Israel does not acknowledge us; you are our Father; our Redeemer from ages past is your name. Paske Ou se Papa nou, malgre Abraham pa rekonèt nou, ni Israël pa rekonèt nou. Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
17 Why, our Father, do you let us wander from your ways and harden our heart, so that we do not fear you? Return for the sake of your servants, the tribes of your heritage. Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo? E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.
18 For a little while your holy people held possession; our enemies have trampled your sanctuary. Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan; advèsè nou yo te foule li ba nèt.
19 We have become like those you have never ruled, like those not called by your name. Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]