Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 64 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Oh, that you would tear open the heavens and come down, that the mountains would quake at your presence, O ke Ou ta chire syèl yo, ke Ou ta desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—
2 as fire sets brushwood ablaze and causes water to boil—to make your name known to your adversaries, so that the nations would tremble at your presence! tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi. Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
3 When you did awesome things that we did not expect, you came down, and the mountains quaked at your presence. Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; Ou te desann. Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
4 Since ancient times, no one has heard or perceived by ear, no eye has seen any besides you, who acts for the one who waits for him. Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zorèy, ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, k ap aji pou sila k ap tann Li an.
5 You welcome those who gladly do what is right, who remember you as they walk in your ways. But you were angry, and we sinned; we have long been in our sins—can we be saved? Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
6 We have all become like one who is unclean, and all our righteous deeds are like a filthy garment. We all wither like a leaf, and our sins, like the wind, sweep us away. Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
7 There is no one who calls on your name, who rouses himself to take hold of you; for you have hidden your face from us and have handed us over to our sins. Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
8 But now, you are our Father; we are the clay, and you are our potter; we are all the work of your hand. Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.
9 Do not be so terribly angry, our Father, and do not remember our sin forever. Look, please—we are all your people. Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
10 Your holy cities have become a wilderness; Zion has become a wilderness, Jerusalem a desolation. Vil sen Ou yo te vin yon dezè; Sion te vin yon dezè, Jérusalem yon kote dezole.
11 Our holy and beautiful house, where our fathers praised you, has been burned with fire, and all that we treasured has become a ruin. Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
12 After all this, will you hold back, our Father? Will you keep silent and afflict us so terribly? Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ? Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]