Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 65 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I let myself be sought by those who did not ask for me; I let myself be found by those who did not seek me. I said, "Here I am, here I am," to a nation that did not call on my name. “Mwen te chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
2 All day long I have spread out my hands to a rebellious people, who walk in a way that is not good, following their own schemes, Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, ki mache nan chemen ki pa bon, k ap swiv pwòp panse pa yo,
3 a people who provoke me to my face continually, sacrificing in gardens and burning incense on bricks; Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;
4 who sit among the tombs and spend the night in secret places; who eat the flesh of pigs, with broth of forbidden things in their pots; ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
5 who say, "Keep to yourself, do not come near me, for I am holier than you." These are smoke in my nostrils, a fire that burns all day long. Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.
6 Look, it stands written before me: I will not keep silent, but I will repay; I will repay into their lap, “Gade byen, li ekri devan Mwen: Mwen p ap rete an silans, men Mwen va bay rekonpans; Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
7 both your own sins and the sins of your ancestors together, says our Father; because they burned incense on the mountains and insulted me on the hills, I will measure into their lap full payment for their former deeds. ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè, jis rive nan lestonmak yo.”
8 This is what our Father says: As the new wine is found in the cluster, and someone says, "Do not destroy it, for there is a blessing in it," so I will do for the sake of my servants, and not destroy them all. Konsa pale SENYÈ a; “Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen, e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, pou M pa detwi yo tout.
9 "I will bring forth descendants from Jacob, and from Judah an heir of my mountains; my chosen will inherit it, and my servants will dwell there. Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.
10 Sharon will become a pasture for flocks, and the Valley of Achor a resting place for herds, for my people who have sought me. Saron va yon peyi ki fè patiraj pou bann mouton yo, e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, pou pèp Mwen ki chache Mwen an.
11 But you who forsake me, who forget my holy mountain, who set a table for Fortune and fill cups of mixed wine for Destiny. “Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
12 I will destine you for the sword, and all of you will bow down to the slaughter, because I called and you did not answer, I spoke and you did not listen; you did what was evil in my eyes and chose what gave me no delight." Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
13 Therefore this is what the Sovereign Father says: Look, my servants will eat, but you will go hungry; my servants will drink, but you will go thirsty; my servants will rejoice, but you will be put to shame; Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.
14 "look, my servants will sing for gladness of heart, but you will cry out for pain of heart and wail for a broken spirit. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
15 You will leave your name to my chosen as a curse, and the Sovereign Father will put you to death; but his servants he will call by another name, Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
16 so that whoever invokes a blessing in the land will bless himself by the Father of truth, and whoever takes an oath in the land will swear by the Father of truth; for the former troubles are forgotten and hidden from my eyes. Paske sila ki beni sou tè a, va beni pa Bondye verite a; epi sila ki sèmante nan tout tè a, va sèmante pa Bondye verite a; paske ansyen twoub yo fin bliye e paske yo kache devan zye M.”
17 "For look, I am creating new heavens and a new earth, and the former things will not be remembered or come to mind. Paske gade byen, Mwen va kreye yon syèl tounèf, ak yon tè tounèf; epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò, ni p ap menm antre nan panse.
18 But be glad and rejoice forever in what I am creating; for look, I am creating Jerusalem to be a joy, and her people to be a gladness. Men fè kè kontan e rejwi nou jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo; paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans, e pèp li a pou kè kontan.
19 I will rejoice over Jerusalem and be glad in my people; no longer will the sound of weeping be heard in her, or the cry of distress. Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem. Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an. Epi p ap tande ankò nan li vwa kriye ak son moun k ap kriye.
20 No more will there be in it an infant who lives only a few days, or an old man who does not live out his years; for the young man will die one hundred years old, and the one who falls short of one hundred will be thought accursed. “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; paske jenn yo va mouri nan laj santan e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
21 They will build houses and live in them; they will plant vineyards and eat their fruit. Yo va bati kay yo pou yo viv ladann; anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
22 They will not build for another to live in, or plant for another to eat; for my people's days will be like the days of a tree, and my chosen will long enjoy the work of their hands. Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
23 They will not labor in vain or bear children for sudden terror, for they are the offspring of those our Father has blessed, and their descendants with them. Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè; paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a, e anplis, desandan yo, menm jan.
24 Before they call, I will answer; while they are still speaking, I will hear." Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
25 The wolf and the lamb will graze together, and the lion will eat straw like the ox, but dust will be the serpent's food. They will not harm or destroy anywhere on my holy mountain, says our Father. Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]