Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 66 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father says: "Heaven is my throne, and the earth is my footstool. Where, then, is the house you would build for me? And where is the place of my rest? Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?
2 My hand has made all these things, and so they all came into being, declares our Father. But this is the one to whom I will look: the one who is humble and contrite in spirit, and who trembles at my word. Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
3 But whoever slaughters an ox is like one who kills a man; whoever sacrifices a lamb, like one who breaks a dog's neck; whoever offers a grain offering, like one who presents pig's blood; whoever burns frankincense, like one who blesses an idol. They have chosen their own ways, and their soul delights in their abominations. Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.
4 So I also will choose harsh treatment for them and bring their dread upon them, because when I called, no one answered; when I spoke, they did not listen. They did what was evil in my eyes and chose what does not please me." Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”
5 Hear the word of our Father, you who tremble at his word: "Your own brothers who hate you and cast you out for my name's sake have said, 'Let our Father be glorified, that we may see your joy'—but it is they who will be put to shame." Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.
6 A sound of uproar from the city! A voice from the temple! It is the voice of our Father, repaying his enemies what they have done! Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, yon vwa soti nan tanp lan; vwa a SENYÈ la k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.
7 Before she was in labor, she gave birth; before her pain came upon her, she delivered a son. “Avan fi a gen doulè, li te anfante; avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.
8 Who has ever heard of such a thing? Who has ever seen such things? Can a land be born in a single day? Can a nation be brought forth in a moment? Yet no sooner was Zion in labor than she brought forth her children. Se kilès ki te tande yon koze konsa a? Kilès ki te wè yon bagay konsa? Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou? Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan? La menm Sion te vin gen doulè, li te fè fis li yo vin parèt.
9 "Will I bring to the moment of birth and not deliver?" says our Father. "Will I who deliver shut the womb?" says your Father. Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an, pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a. “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a, ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.
10 Rejoice with Jerusalem and be glad for her, all you who love her; rejoice with her in joy, all you who mourn over her, “Fè kè kontan ak Jérusalem, e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo. Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,
11 that you may nurse and be satisfied at her comforting breast, that you may drink deeply and delight in her overflowing glory. pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li, pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”
12 For this is what our Father says: "I will extend peace to her like a river, and the glory of the nations like an overflowing stream; you will nurse and be carried on her hip and bounced upon her knees. Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde. Nou va vin pran tete, nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
13 As a mother comforts her child, so I will comfort you; and you will be comforted over Jerusalem." Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l, se konsa Mwen va rekonfòte nou; epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”
14 When you see this, your heart will rejoice, and your bones will flourish like new grass; the hand of our Father will be made known to his servants, but his fury to his enemies. Nou va wè sa; kè nou va kontan e zo nou va fleri tankou zèb vèt tounèf. Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo; men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.
15 For look—our Father will come with fire, and his chariots like the whirlwind, to unleash his anger with fury and his rebuke with flames of fire. Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, e cha Li yo va tankou van toubiyon. Li va rann kòlè Li ak gwo raj e repwòch Li ak flanm dife.
16 For with fire and with his sword our Father will execute judgment on all flesh, and those slain by our Father will be many. Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.
17 "Those who consecrate and purify themselves to enter the gardens, following one in the midst, eating the flesh of pigs and vermin and mice, will come to an end together, declares our Father. “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a.
18 "For I know their deeds and thoughts. The time comes to gather all nations and tongues; they will come and see my glory. “Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.
19 "I will set a sign among them and send survivors to the nations—Tarshish, Pul, Lud (who draw the bow), Tubal, Javan, and distant coastlands that never heard of me or saw my glory. They will declare my glory among the nations. Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.
20 They will bring all your brothers from every nation as an offering to our Father—on horses, in chariots and wagons, on mules and camels—to my holy mountain Jerusalem, says he, as Israel brings a grain offering in a clean vessel to the house of our Father. Yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a.
21 And some of them I will take to be priests and Levites, says our Father. Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di.
22 "For just as the new heavens and the new earth that I make will endure before me, declares our Father, so will your offspring and your name endure. “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.
23 From new moon to new moon, and from Sabbath to Sabbath, all flesh will come to worship before me, says our Father. Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.
24 "And they will go out and look on the corpses of those who rebelled against me; for their worm will not die, and their fire will not be quenched, and they will be a horror to all flesh." “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]