Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The words of Jeremiah son of Hilkiah, one of the priests at Anathoth in Benjamin's land. Pawòl a Jérémie yo, fis a Hilkija a, yon nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin.
2 The word of our Father came to him in the days of Josiah son of Amon, king of Judah, in the thirteenth year of his reign. Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.
3 It also came in the days of Jehoiakim son of Josiah, king of Judah, through the eleventh year of Zedekiah son of Josiah, king of Judah, until Jerusalem's exile in the fifth month. Li te anplis, vin rive nan jou Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a.
4 The word of our Father came to me, saying: Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5 "Before I formed you in the womb I knew you, and before you were born I set you apart; I appointed you a prophet to the nations." Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou, e avan ou te fèt mwen te konsakre ou. Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
6 I said, "Ah, Sovereign Father! I don't know how to speak, for I'm only a boy." Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”
7 But our Father said to me, "Don't say, 'I'm only a youth,' for you'll go wherever I send you and speak whatever I command. Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.
8 Do not be afraid of them, for I am with you to deliver you, declares the Father." Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9 Then our Father reached out his hand, touched my mouth, and our Father told me, "Look, I've put my words in your mouth. Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.
10 See, I have set you this day over the nations and over the kingdoms, to uproot and to tear down, to destroy and to overthrow, to build and to plant." Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
11 The word of our Father came to me: "What do you see, Jeremiah?" I said, "I see an almond branch." Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
12 Then our Father said to me, "You have seen rightly, for I watch over my word to fulfill it." Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
13 The word of our Father reached me a second time: "What do you see?" I said, "A boiling pot, facing away from north." Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”? Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.”
14 And our Father said to me, "Out of the north, disaster will break loose on all who live in the land. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a.
15 I'm about to summon all the northern kingdoms' clans, declares the Father; they'll come, each setting his throne at the entrance to Jerusalem's gates, against all her surrounding walls and all Judah's cities. Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a; “Yo va vini, e yo chak va plase twòn yo nan antre pòtay Jérusalem nan, kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
16 And I will pronounce my judgments against them for all their evil in forsaking me, in burning offerings to other gods and bowing down to idols they made with their own hands." Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo, akòz yo te abandone Mwen, te ofri sakrifis a lòt dye yo, e te adore pwòp zèv men pa yo.
17 "Now get ready, stand and tell them all I command you. Don't break down before them, or I will break you before them. “Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.
18 Look, today I make you a fortified city, iron pillar, bronze walls against the whole land: Judah's kings, officials, priests, and its people. Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
19 They will fight you but not overcome you; I am with you to rescue you, declares the Father." Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]