Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me, saying: Alò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen epi te di:
2 Go, proclaim in Jerusalem's hearing: our Father says: I remember your youth's devotion, your bridal love, your following me through the wilderness, a land not sown. “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.
3 Israel was holy to our Father, the firstfruits of his harvest. All who devoured her were held guilty; disaster overtook them, declares our Father. Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”
4 Hear the word of our Father, house of Jacob, and all clans of the house of Israel. Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.
5 This is what our Father says: What wrong did your ancestors find in me, that they strayed far from me, chasing worthless idols and becoming worthless? Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
6 They did not ask, 'Where is our Father, who brought us up out of the land of Egypt, who led us through the wilderness, through a land of deserts and pits, a land of drought and deep darkness, a land no one crosses and where no one lives?' Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’
7 And I brought you into a fruitful land to eat its fruit and its goodness. But you came and defiled my land, and made my inheritance an abomination. Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.
8 The priests did not ask, 'Where is our Father?' Those who handle the law did not know me; the shepherds rebelled against me; the prophets prophesied by Baal and followed what is worthless. Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.
9 Therefore I still bring my charge against you, declares our Father, and against your children's children I will press it. “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.
10 Cross over to the shores of Cyprus and look; send to Kedar and observe closely; see whether there has ever been anything like this: Alò, travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè; voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!
11 Has a nation ever changed its gods, even though they are no gods at all? Yet my people have exchanged their glory for what is worthless. Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.
12 Be appalled at this, heavens; be shocked, be utterly horrified, declares our Father. Menm syèl yo etonnen, jis yo vin fremi. Reste byen dezole, deklare SENYÈ a.
13 For my people have committed two evils: they have forsaken me, the fountain of living waters, and have dug their own cisterns—broken cisterns that cannot hold water. Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
14 Is Israel a slave? Was he born a servant? Why then has he become plunder? Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?
15 The young lions roared against him; they growled loudly. They made his land a waste; his cities are burned and empty of people. Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.
16 Moreover, the men of Memphis and Tahpanhes have shaved the crown of your head. Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.
17 Have you not brought this on yourself by forsaking your Father, who was leading you along the way? Èske Se pa ou menm ki fè sa lè ou kite SENYÈ Bondye ou a, pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?
18 And now, why go to Egypt to drink the waters of the Nile? Why go to Assyria to drink the waters of the Euphrates? Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?
19 Your own evil will discipline you; your own apostasy will rebuke you. Know then and see how evil and bitter it is to forsake your Father; you have no fear of me, declares the Father of heaven's armies. Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
20 Long ago I broke your yoke and tore off your bonds, but you said, 'I will not serve.' Indeed, on every high hill and under every spreading tree you lay down as a prostitute. Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.
21 I had planted you as a choice vine, from wholly reliable seed. How then did you turn against me to become a corrupt, wild vine? Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?
22 Though you wash yourself with lye and use much soap, the stain of your guilt is still before me, declares the Sovereign Father. Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.
23 How can you say, 'I am not defiled; I have not gone after the Baals'? Look at your way in the valley; consider what you have done—a restless young camel running here and there, “Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
24 a wild donkey at home in the wilderness, sniffing the wind in her craving—who can restrain her when she is in heat? Those who want her don't need to tire themselves searching; when the season comes, they will find her. Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.
25 Stop before your feet are worn bare and your throat goes dry. But you said, 'It is hopeless! No, for I love strangers, and after them I will go.' Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’
26 As a thief is shamed when he is caught, so the house of Israel is shamed—they, their kings, their officials, their priests, and their prophets, Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
27 who say to a tree, 'You are my father,' and to a stone, 'You gave me birth.' For they have turned their backs on me, not their faces toward me. But in the time of their trouble they cry, 'Arise and save us!' kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
28 But where are the gods you made for yourself? Let them arise, if they can save you in the time of your trouble; for you have as many gods as you have cities, Judah. Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.
29 Why do you bring a charge against me? You have all rebelled against me, declares our Father. Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.
30 In vain I struck your children; they accepted no correction. Your own sword devoured your prophets like a ravenous lion. “Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
31 Generation, consider the word of our Father: Have I been a wilderness to Israel, or a land of deep darkness? Why then do my people say, 'We are free to roam; we will come to you no more'? O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
32 Can a young woman forget her jewelry, or a bride her wedding sash? Yet my people have forgotten me for days without number. Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.
33 How cleverly you scheme to pursue love! You have even taught your ways to wicked women. A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.
34 On your skirts is found the lifeblood of the innocent poor—though you did not catch them breaking in. Yet in spite of all these things, Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,
35 you say, 'I am innocent; surely his anger has turned from me.' Yet I will bring you to judgment for saying, 'I have not sinned.' Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’
36 How casually you keep changing course! You will be put to shame by Egypt as you were put to shame by Assyria. Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
37 From there too you will come away with your hands on your head, for our Father has rejected those in whom you trust, and they will do you no good. Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]