Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 They say: If a man divorces his wife and she leaves him and marries another man, will he return to her again? Would not that land be utterly defiled? You have prostituted yourself with many lovers—and yet you would return to me? declares your Father. Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
2 Lift up your eyes to the barren heights and look: where have you not been violated? By the roadsides you sat waiting for lovers, like a nomad in the desert. You have defiled the land with your prostitution and your wickedness. “Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.
3 So the showers have been withheld, and the spring rains have not come. Yet you have the brazen look of a prostitute; you refuse to be ashamed. Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.
4 Have you not just now called out to me, 'My Father, you are the friend of my youth'? Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
5 "Will he stay angry forever? Will he keep his wrath to the end?" This is how you talk, but you do all the evil you can. “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”
6 Our Father said to me in King Josiah's days: "Have you seen what unfaithful Israel did? She went up every high hill, under every spreading tree, and prostituted herself there. Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.
7 I thought after she did all this she would return to me, but she didn't, and her treacherous sister Judah saw it. Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.
8 She saw that for all unfaithful Israel's adulteries I sent her away and gave her a certificate of divorce. Yet her treacherous sister Judah had no fear; she too went and prostituted herself. Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.
9 Because her prostitution meant so little, she made the land unclean, committing adultery with stones and trees. Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.
10 Even so, her unfaithful sister Judah did not return to me wholeheartedly, but only in pretense, declares your Father." Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
11 Our Father said to me: Unfaithful Israel proved more righteous than treacherous Judah. Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.
12 Go and proclaim toward the north: Return, unfaithful Israel, declares your Father. I will not look on you in anger, for I am merciful, declares your Father; I will not stay angry forever. Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.
13 Only acknowledge your guilt—that you rebelled against your Father, lavished your favors on strangers under every spreading tree, and did not obey my voice, declares your Father. Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.
14 Return, you faithless children, declares your Father, for I am your husband. I will take you—one from a city and two from a family—and bring you to Zion. “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”
15 Then I will give you shepherds after my own heart, feeding you with knowledge and understanding. “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann.
16 When you have multiplied and increased in the land, in those days, declares your Father, no one will say again, 'The ark of the covenant of our Father.' It will not come to mind, be remembered, or be missed, nor will another be made. Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.
17 "Then they will call Jerusalem the Throne of our Father, and all the nations will gather there to honor our Father's name. No longer will they follow their stubborn, evil hearts. Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.
18 In those days the house of Judah will join the house of Israel, and together they will come from the northern land to the land I gave your ancestors as an inheritance. Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
19 I myself said, 'How gladly would I set you among my children and give you a pleasant land, the most beautiful inheritance of any nation!' And I thought you would call me 'My Father' and never turn away from following me. “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
20 But like a wife unfaithful to her husband, so you have been unfaithful to me, house of Israel, declares your Father. “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.
21 A voice is heard on the barren heights—the weeping and pleading of Israel's children—because they have perverted their way and forgotten their Father. Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.
22 "Return, you faithless children; I will heal your faithlessness." "Here we are, we come to you, for you are our Father. “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.
23 Surely the uproar on the hills and mountains is a delusion; surely in our Father is the salvation of Israel. Anverite, soutyèn kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.
24 From our youth that shameful thing has devoured the fruit of our ancestors' labor—their flocks and herds, their sons and daughters. Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo.
25 Let us lie down in our shame, and let our disgrace cover us. For we have sinned against our Father—we and our ancestors—from our youth to this day, and we have not obeyed the voice of our Father." Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]