Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "If you will return, Israel," declares our Father, "then return to me. If you put away your detestable things from my presence and do not waver, “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.
2 and if you swear, 'As our Father lives,' in truth, in justice, and in righteousness, then the nations will bless themselves in him, and in him they will glory." Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
3 For this is what our Father says to the people of Judah and to Jerusalem: Break up your unplowed ground, and do not sow among thorns. Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo.
4 Circumcise yourselves to our Father; remove the foreskin of your hearts, people of Judah and inhabitants of Jerusalem—or my wrath will break out like fire and burn with no one to quench it, because of the evil of your deeds. Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.
5 "Declare it in Judah, proclaim it in Jerusalem, and say: 'Blow the trumpet throughout the land!' Cry out and say: 'Gather together, and let us flee to the fortified cities!' Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’
6 Raise a signal toward Zion! Flee for safety, do not delay! For I am bringing disaster from the north, a great destruction." Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
7 A lion has come up from his thicket; a destroyer of nations is on the move. He has left his place to make your land a wasteland; your cities will fall to ruins, with no one left living in them. Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo.
8 So put on mourning clothes, lament and wail, for the fierce anger of our Father has not turned away from us. Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou.
9 "In that day," declares our Father, "the king and his officials will lose their courage; the priests will be appalled, and the prophets astounded." “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
10 Then I said, "Ah, Sovereign Father! You completely deceived this people and Jerusalem: 'Peace will be yours'—while the sword reaches our throat." Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11 "Then this people and Jerusalem will be told: A scorching wind from bare desert heights blows toward my people's daughter—not to winnow, not to sift. Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.
12 A wind too strong for this comes at my command. Now I pronounce my judgments against them." Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13 Look! The enemy advances like the clouds, his chariots like the whirlwind; his horses are swifter than eagles. How terrible for us—we are ruined! Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!
14 Jerusalem, wash the evil from your heart, that you may be saved. How long will your wicked thoughts stay within you? Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
15 For a voice declares it from Dan, proclaiming disaster from the hills of Ephraim. Paske yon vwa deklare soti Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm.
16 Warn the nations, announce it to Jerusalem: "Besiegers are coming from a distant land; they raise their war cry against the cities of Judah. “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo.
17 They surround her like watchmen guarding a field, because she has rebelled against me," declares our Father. Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a.
18 Your ways and your deeds have brought this upon you. This is your doom, and how bitter it is, for it pierces to your very heart. “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19 My anguish, my anguish! I writhe in pain. Oh, the walls of my heart! My heart pounds within me; I cannot keep silent, for I have heard the sound of the trumpet, the alarm of war. Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.
20 Disaster upon disaster is announced, for the whole land is laid waste. In an instant my tents are destroyed, my tent coverings in a moment. Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman.
21 How long must I see the battle flag and hear the sound of the trumpet? Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22 "For my people are foolish; they do not know me. They are senseless children, with no understanding. They are skilled in doing evil, but they do not know how to do good." “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
23 I looked at the earth, and it was formless and empty; and at the heavens, and their light was gone. Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.
24 I looked at the mountains, and they were quaking; all the hills were swaying. Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou.
25 I looked, and there was no one at all; every bird of the sky had fled. Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale.
26 I looked, and the fruitful land was a desert; all its cities lay in ruins before our Father, before his fierce anger. Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li.
27 For this is what our Father says: The whole land will be desolate, yet I will not completely destroy it. Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.
28 Because of this the earth will mourn and the heavens above grow dark, for I have spoken, I have decided; I will not relent, and I will not turn back from it. Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29 At the noise of horsemen and archers every town flees. They flee into the thickets and climb up among the rocks; every town is abandoned, with no one living in them. Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo.
30 And you, devastated one, what are you doing, dressing yourself in scarlet, adorning yourself with ornaments of gold, painting your eyes? You make yourself beautiful in vain. Your lovers despise you; they want to kill you. Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.
31 For I heard a cry like a woman in labor, anguish like one bearing her first child—the cry of the daughter of Zion, gasping for breath, stretching out her hands: "How terrible for me! I am dying before the killers." Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]