Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Roam through the streets of Jerusalem, look now and take note! Search her squares—if you can find one person, one who does justice and seeks truth, then I will pardon her. “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.
2 Even when they say, 'As our Father lives,' they are swearing falsely." E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”
3 Our Father, do not your eyes look for faithfulness? You struck them, but they felt no pain; you consumed them, but they refused to take correction. They made their faces harder than rock; they refused to turn back. O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
4 Then I said, 'These are only the poor; they are foolish, for they do not know the way of our Father, the just ways of their Father.' Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.
5 I will go to the great ones and speak to them, for they surely know the way of our Father, the just ways of their Father.' But they too, all of them, had broken the yoke; they had burst the bonds. Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.
6 Therefore a lion from the forest will strike them, a wolf of the desert will ravage them. A leopard lies watching their cities; everyone who goes out from them will be torn to pieces—for their rebellions are many, their backslidings without number. Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.
7 "Why should I pardon you? Your children have forsaken me and sworn by those who are no gods. I gave them their fill, yet they committed adultery and trooped to the houses of prostitutes. Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.
8 They were like well-fed, lusty stallions, each one neighing for his neighbor's wife.' Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.
9 Should I not punish them for these things? declares our Father. Should I not bring justice on a nation such as this? “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?
10 Go up through her rows of vines and destroy, but do not make a full end; strip away her branches, for they are not our Father's. “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.
11 For the house of Israel and the house of Judah have been utterly faithless to me, declares our Father." Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.
12 They have spoken falsely of our Father; they said, 'He will do nothing! No disaster will come upon us; we will not see sword or famine.' Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou.
13 The prophets are only wind; the word is not in them. So let it be done to them! Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”
14 Therefore this is what the Father of heaven's armies says: Because you have spoken this word, I am making my words in your mouth a fire, and this people the wood, and it will consume them. Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt.
15 Look, I am bringing against you a nation from far away, O house of Israel, declares our Father—an enduring nation, an ancient nation, a nation whose language you do not know, whose speech you cannot understand. Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.
16 "Their quiver is like an open grave; they are all mighty warriors. Fouwo pa yo se kon yon tonm tou louvri; yo tout se gèrye vanyan.
17 They will devour your harvest and your bread; they will devour your sons and your daughters; they will devour your flocks and your herds; they will devour your vines and your fig trees. With the sword they will beat down your fortified cities in which you trust." Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”
18 Yet even in those days, declares our Father, I will not make a full end of you. “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.
19 When they ask, 'Why has our Father done all this to us?' tell them: 'As you abandoned me and served foreign gods in your land, so you'll serve strangers in a land not yours.' Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’
20 "Announce this in the house of Jacob; proclaim it in Judah: “Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di:
21 Hear this, O foolish and senseless people, who have eyes but do not see, who have ears but do not hear:" ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.
22 Do you not fear me? declares our Father. Do you not tremble before me? I placed the sand as a boundary for the sea, an everlasting decree it cannot pass. Though the waves toss, they cannot prevail; though they roar, they cannot cross it. Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
23 But this people has a stubborn and rebellious heart; they have turned aside and gone their own way. “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale.
24 They do not say in their hearts, 'Let us fear our Father, who gives the rain—the autumn and the spring rain in its season—who keeps for us the appointed weeks of the harvest.' Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
25 "Your wrongdoings have turned these blessings away, and your sins have withheld the good from you. “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
26 For among my people are found wicked men; they lurk like fowlers lying in wait; they set a trap, and it is people they catch. Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran.
27 Like a cage full of birds, their houses are full of deceit; therefore they have grown great and rich. Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen.
28 They have grown fat and sleek; they overflow with evil deeds. They do not defend the cause of the fatherless, that they might prosper, and the rights of the needy they do not uphold." Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.
29 Should I not punish them for these things? declares our Father. Should I not bring justice on a nation such as this? “Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?
30 "An appalling and horrible thing has happened in the land: “Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a:
31 the prophets prophesy falsely, and the priests rule by their own authority; and my people love it so. But what will you do when the end comes?" Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]